Men sé antan poun antan nou, Pagen wout pa bwa pou...

Patrick Princivil - May 29 2015, 5:19 PM

Men sé antan poun antan nou,

Pagen wout pa bwa pou opposition an, menm jan nou bay Prézidan Martelly Ak Laurent Lamothe krédi sé konsa nou prè pou nou bay K Plim ak lòt chèf yo krédi tou.

Mézanmi grand puisans yo té kon trété chèf d'éta Haitien mal konsa a, paské lè Gouvernman Haitien an té kon prété lajan nan men yo yo pat kon rémèt, sé pou sak fè yo té kon ap pété nan figui nou konsa a.

Lè tout blan zyé vèt sa yo té kon chita sou table, ap manjé, bwè divin dépi yon té kon ouvè bouche yo pou yo tap palé de Gouvernman Haitien an e yo tout té kon tonbé ri nou pou yo tap di: Vòlè! Vòlè ! Vòlè ! Vòlè !

Kounyé a malgré tout sa yo té kon ap di de nou-menm Haitien, au nom de Jésus yo paka pèmèt yo pou yap di ké Gouvernman Martelly Lamothe la sé vòlè e mwen aprésyé sa anpil, blan yo sé pouri yo yé pou tèt yo, sa pa déranjé yo si yo ta wè tout Haiti ap plonjé nan imoralité ak apostazi sé la yo fè kòb yo, sé la yo fè rélasyon, men si yon Gouvernman ap vòlè nou tou konnen yo pap gen oken réspè pou Gouvernman sa a. É byen pandan 4 dènyé ané sa a nou siyé dent yo, mèsi bonDyé, mèsi Prézidan Martelly ak Lamothe, mèsi chèf police la: Odson Orélus ak tout lòt group ki bay sèvis yo pou lévé wonté a pou nou menm-ké batay la poko fini, kenbé la pa lagué.

Pandan sa a, sé ralanti sou tout travay poun acheté po vant pèp Haitien an anfas pakèt ban kandida malfrendeng mwen wè la yo pap vin trennen nou nan menm vyé situation sa a ankò, sonjé lè nou prété nan men yo fè sur nou fè kòb la travay ak intérè poun rémèt moun yo kòb yo, si nou té ka pa prété nan men yo li tap ankò pi bon. Si Prézidan Martelly, Lamothe, K Plim etc. Pasé lès chapeaux entre nou-menm Haitien an Haiti ak Diaspora sa vlé di: fè marathon entre nou, nou tap sové Haiti, sé égoyis poun kité épi poun apran fè Gouvernman ki déjà la a konfians, sé yon bagay ki sinp. Par ékzanp: si Gouvernman Haitien an di konsa yap ranmasé yon fon pou sové ti machan sa yo nan ti komès mizérab sa yo ké yap fè a, épi sil ta di tout moun bay kòm pi piti $5 Haitien, nou-menm Diaspora yo nou tap bay $5 pa nou yo an US; ou plis e menm chak mwa.

I majiné nou si Haiti gen (10,000,000) moun jan yo dil la, sa tap fè 50 million dola Haitien e gen mou ki tap bay plis, plis nou-menm kap viv nan Diaspora a, sa tap fè yon pwa. É si nou ta fè sa souvan?

Gen Haitien ki nan gro travay, dépi Gouvernman Haitien an ba nou rési poun déklaré tax nan péyi blan an gen moun ki tap bay gro montan chak mwa pou donasyon.

Non ! Sé pou pouvwa yap goumen, nan kaka yo ya wè grès yo, soutou nonm Moise Jean Charles la, si li té kon sal konnen li ta fè la pè ak Prézidan Martelly ak Lamothe, krapo fè kòlè e lap mouri san dèyè.

Related Article:

Haiti Elections - President Martelly says: NO DECHARGE par Decret...

Haiti Elections Update -- President Michel Martelly has NO intentions to sign a decree to give 'DECHARGE' to former Haiti government officials who...

REPLY to this message

Return to Message List