Nan ka sa a mwen konpran sak ap pasé la a, pati...

Patrick Princivil - February 9 2015, 2:57 PM

Nan ka sa a mwen konpran sak ap pasé la a, pati opposition an paka mété ak Moise Jean Charles pou kontinyé fè dézòd nan péyi d'Haiti ankò pou nan di fò Martelly alé kounyé yap dévlopé lòt téknik pou chasé Présidan Martélly sou prétèks gazoline trò chè yap menm sèvi ak étudian pou fè dézòd sans intélijans la police pran nan pièje la.

Di mwen si yon bagay ki fè sans!

Gouvernman Haitien an pakon fè gaze kounyé a pou yon pèp inbésil ap pousé léta Haïtien pou al acheté gaze al van an Haiti pou pi piti pri ké yo té achetél pou yo ka fonctioné kot bagay sa a pwalé?

Ou pa wè yo fou.

Si yo ta rélé anmwé kont vyé kanaval ak rara nan péyi d'Haiti mwen ta konpran yo, Jean Bertrand Aristide ranmasé 8 million U.S. en Haiti avan 2ans, Réné Préval pagen lontan dépi yo té Prézidan, gen yon pakèt lòt ki plen lajan nan men yo si bagay la fasil konsa sé pou Prézidan Martélly rétiré kò li nan afè van gazoline sa a, sé pou Prézian Martélly van biznis gaze la ba gro nèg sa yo pou fini ak vyé litani sa yo.

Map viv au Canada mwen wè nenpòt ti konpayi ap van gaze nou pa menm bézwen kon mèt yo menm si prix gaze monté menm si prix gaze désan nou péyél janl yé a, si nou pata ka woulé na fout kité machine nou kanpé menm jan mwen fè ak zo machine mwen kité nan kwafè a, nou acheté machine nan li maché san problèm men nou poko gen moyen poun fè dépo lajan pou si anka nou frapé machine yon moun ou byen si nou frapé yon moun pou nou ta bay moun sa a swen yo mandé nou fout kitél kanpé nal pandyé nan machine moun, kisa pèp Haitien santi la a kounyé pou ap pousé léta Haitien pou fè si pou fè séla nan ka sa a Haiti pa bezwen gen Prézidan ladan pèp la Prézidan.

Yon ban inbésil ap fè tenten nan péyi d'Haiti konsa e la police menm ap toléré konsa! Si sé Vénézuéla yo acheté gaz la kisa pèp la dwé fè: alé sou internèt tapé konbyen gaze la ap van Vézuéla ou Sen Domeng sal yé a, balansé tout frè douane, transpò etc. pou yo wè nan prix gaze la yé an Haiti a èské sé rézonab, sé pa konsa pou yap kouri nan la ri nan péyi d'Haiti tankou chien fou pou Prézidan Martélly désan prix gaze, puiskél osi fasil konsa sé pou pati opposition ouvè pròp komès gaze yo pou yal fè million tou sé pa profité sikonstans sou fòm pèsékisyon politik kon Prézidan Martélly sé pou léta Haitien mét gren nan bouda yo pou simen gro kout koko makak sou tout vo rien kap simen trouble nan péyi d'Haiti, bagay sa a sé yon pyèj, poukisa yo pat fèl avan?

Gadé la police ouvè zyé nou tandé.

Related Article:

Haiti - Gasoline Strike in Port-au-Prince 09 Feb 2015, News from the Streets...

A gasoline strike is announced by the Haitian political opposition for Monday 09 Feb and Tuesday 10 Feb 2015 with a warning to all vehicle owners...

REPLY to this message

Return to Message List