Haiti - Reginald Boulos Nan Matin Caraibes, Radio Caraibes FM - Yon resumé...

Haiti Nouvelles - December 10 2014, 10:53 AM

Reginald Boulos te nan emission Maten Caraibes sou antenne Caraibes FM pou pale de rapport commission presidentielle la...

Commission an travay 14 heures par jour pandan 8 jour yo, se sa li di. Li pale de Senateur Fortune tou.

Boulos di mission an sete "La Solution la PLUS credible au yeux de la nation," Boulos di President Martelly te di commission pou di kisa yo panse ki pou fèt, e se sa yo fè.

Reginald Boulos di li pat menm Haiti lè, se yon email li te resevwa ki di "Le President vous cherche." Lè yo fè komisyon an li te a letranje toujou.

Boulos di: Se yon gro bagay Martelly fè le li pran yon pati de otorite li, li remet yon commission de 11 membre e mande yo "di-m kisa pou-m fe," se yon gro bagay, en general president Haiti yo pa fè bagay konsa.

mwen salue President Martelly pou sa.

Boulos di: Pou president execute raport sa, sel moun ki ka execute raport sa, fok li gen kouraj.

Boulos pale tou sou bilan Larent Lamothe...

Boulos di: Sou 3 domaine, bilan Laurent Lamothe extremement positif, domaine tourist, domain education, domaine infrastructure.

Pou domaine tourist la, Boulos di tout sa Lamothe akonpli yo se konsa Republique Dominicaine te komanse pou rive kote yo ye jodi a.

Boulos di Laurent Lamothe est un home efficient.

Boulos di Laurent Lamothe di li pare pou li demissione.

Boulos di Laurent Lamothe di si l-ap desann yon eskalye, president Martelly rele li, li mande li demissione, l-ap demissione avan li finn desan eskalye a...

Boulos di nan raport a, page 6, li di fok etat conjonturelle la fet avan structurelle la fèt.

Sou zafè AUDIT fon Petro Caribe a ak FNE a, Boulos di Cours Superieur des comptes pa kapab fe audit saa, li pa genyen personel, li pa genyen structure pou sa. li di fok ou forme pou sa pou ou kapab fè yon investication financiere, se sa yon audit ye. Boulos di Avan nou pale de audit, an nou kreye structure pou sa.

Sou zafè Sekretè deta John Kerry ki ap vini Haiti a, Boulos di "Nou deja genyen yon dosye pou li!"

Eske se pou BLAN ke commission an tap tragay?

Boulos reponn: J'ai pa de probleme dans la theorie des agenda complots permanent en Haiti.

men fok nou pa rive two lwen. Jodi a an nou defet nou de yon ide ke tout sakapfet nan peyi a se yon blan ki bay fe li.

En faite, Boulos di, se petet paske President Martelly konnen ke 12 Janvier, blan an ka vini li ba li yon solution ki fe li di pito-m mande Haitien banm yon solution...

Chak fwa blan an fini, se nou ki kaloz, si election te fet, nou patap la jodi a. nap di blan an nou bezwen kob, fok nou rive yon le pou nou fe election ak kob nou.

Boulos pale de prisonier an general, pa selman prisonier politique.

Li di fe procedure yo avanse.

Boulos di pandan commission an tap travay la, 15 prisonier te gentan lage, yo lage yon lot 5 ankò.

Si-w tande tout sa Reginal Boulos di yo, di kisaw panse

REPLY to this message

Return to Message List