Ayisyen nan dyaspora, leve kanpe pou montre tout sa ki bezwen depa prezidan Martelly ke nou pa dako

Fekens - November 18 2013, 7:26 PM

Mwen panse jan moun opozisyon sa yo ap pouse pep la nan fe manifestasyon nan peyi-a se pa yon bon siy pou desten nou.

Si yo kontinye konsa bagay la ka vin pi grav. Donk tout Ayisyen kap viv nan dyaspora yo, sa ki gen konpran´n, menm ke yo pa fanatik Martelly, yo we ke voye ale-a sa pa solisyon an sa, li pap bon pou peyi a.

Donk nou menm ki nan dyaspora, nou ta sipoze aranje nou, fe yon mach pou nou montre senate a yo ak tout opozisyon sa yo ke nou pa kontan nan sak kap fet.

Si yo yo ki vle dirije nou jan yap fe-a nou pa dako paske li pab bon pou nou fason sa.

Dyaspora kap viv Etazini nou, nan lot peyi etranje, nou ta sipoze fe yon mach pou nou montre ke nou pa dako ak jan de demach sa yo opozisyon an ap fe a, jis pou nou sipote gouvenman pou li ka fin fe tan li ya, paske Repiblik Dominiken se tonbe nou yap tann pou yo kontinye pase nou anba pye.

Nasyonalite nou se jouman, donk nap viv deyo nou konnen, rezon se paske nou pa janm oganize pou nou viv lakay ki di yon moun Ayisyen se joure ou joure li.

Fok moun kap viv deyo ta fe yon leve kanpe pou nou di moun kap mande depa prezidan ke nou pa nan lojik sa, si yon pati politik bezwen dirije fok li tann yon lot eleksyon.

Ou gen chans ou deyo menm si ou gen nen fok nou we ke moun deyo pa apresye nou akoz de nasyonalite nou. Yo ka renmen randman ou bay nan yon travay men yo pap asepte renmen ou pou tet ou se Ayisyen.

Donk fok Ayisyen ki nan dyaspora ta fe yon mach pou montre tout sa ki bezwen depa prezidan nan moman ke nou pa dako, chache yon lot solisyon men se pa chavire a kap bon.

Related Article:

President Martelly invite population an Soti VERTIERES pou ale OKAP Ap pye...

Prezidan Martelly fek sot bay diskou li Vertierres pou komemore 18 novanm 2013 batay Vertieres... Li mande population an pou akonpaye-l rantre...

REPLY to this message

Return to Message List