Kisa ki dwe fe pou n gen yon lot Ayiti.

Georges Jean-baptiste - April 5 2012, 7:26 AM

Nou se pitit yon sel nasyon ak yon sel peyi kise Ayiti cheri.

Poukisa pou nou youn ap manje lot konsa .Poukisa pwogre pakapab fe nan mitan tipep sa a.A la bel sa ta b el si nou tawe pou tout Ayisyen ta mete tet ansanm pou mennen bak peyi sa a.Nou vle yon chanjman jodi a menm pou tout Ayisyen ta komanse gen lakay yo tolerans epi pou nou komanse ap viv an fre.Se pou moun ki nan palman komanse pran reskonsablite yo pou fe anpil lwa epi pou prezidan tou komanse ap travay ansanm ak yo pou signe anpil nan lwa sayo. Se pou pep sa a komanse respekte tet yo le yap ede yo fe yon travay pou peyi a se pa pou yap vole pou yo kwe sesa kap bon pou yo menm jan sa fet nan pwoje fe wout Gonayiv an beton tout siman an pase nan gagot.

Se pou youn komanse ap veye sou lot sa ap fet pou byennet ti peyi ke mwen swaf pou l demare ato.Se pousa mwen komanse pwone yon kanpay lape pou 2016 la ka bel tout bon.Si nou renmen ti sigjesyon sayo fe m santi nou avek mwen.

REPLY to this message

Return to Message List