pou mwen lame pa enpotan.

Monel - December 8 2011, 8:38 PM

Mwen se yon viktim ansyen fos sa a.Se yon istwa ki long men m ka pataje kek nan sa mwen te viktin nan lane 1993 .mwen te gen kelke zanmi ki te nan difikilte avek atache ki te baze nan kasenn Gonaive la .Zanmi sa yo se te Cubin "les freres Meteyer a Raboto".Neg yo te pran ti kannott pou te vinn potoprens pou te pran refig lakay mwen nan Matisan 11 # 16 kole kole ak kay konpe filo. Michel Francois ki te vinn konnen ke ti mesye yo te cache lakay mwen yo mobilize lamentin, Anti-Gang, cafeteria ak tout lot frap ki te kantone nan 8 tiem seksyon matisan an pou yo vinn arete 11 jenn gason ki te soti Gonaive.

Samedi 20 novanm 93 mwen pat la mwen te gen gwoup jenn ki te nan filo te konn travay le samdi.

A 2 ze nan apwemidi plis pase 200 milite ak atache te anserkle tout matisan 9, 11,13 nan bi pou yonn nan neg pat sove. yo arete e maspinin pete je kase bwa ak pye 9 nan yo malerezmam 2 fre Meteye yo te desann nan twalett ki nan lakou kay la kriminel yo pat rive mete men sou 2 fre yo. Michel Francois ki vinn konnen yo pa arete 2 akte yo te mete yon patouy 24sou24 pou te siveye matisan 11.A 10 ze di swa 2 fre yo soti nan twalett la pou yal refigye yo yon lot kote patrouy la rankontre avek yo nan pwent matisan 9 li rele yo mesye kote nou soti, neg yo ki te santi poupou te di patrouy la se yon ti djob bayakou yo te sot fe, pandan se tan ti kibin ak tout ti fre a gen bijou sou yo ak lajan meriken nan poch yo.

o lye pou vole yo mennen envestigasyon sou neg yo se di yodi banm chenn yo ak tout goumet yo ak tout lajan meriken ki te nan poch neg yo e pi komandan patrouy la di nej yo fem pa we nou la.nan menm swa a patrouy la rantre lakay mwen dapwe sa vwasinaj raporte'm yo soti ak yon bann bagay vlope nan men yo.apwe 21 jou mwen pase nan peyi sen domieng le mwen te tounen nan kay mwen te jwenn mwen manke anpil bagay tankou :blender, fer a repase, vcr,yo kraze yon bifett yon ti se'm yo yon zan no ak $100 us manman-m te voye pou ti se'm nan te peye lekol, yo pran yon kostim tou nef yon fre mwen te voye pou mwen .Istwa a long men fo-m pale !Mwen te papa michel Francois ki te rete nan matisan cite makout ki te vinn rele riyel neptinn mwen te konn jwe bezig tou pwe kay pe Francois li te renmen jan mwen jwe li te konn rele m KGB bezig .23 desanm 93 apwe li te finn tande sak pase lakay mwen li te voye rele-m li te mennenm, we pitit li michel francois le mwen te rive pwemye sa mwen we se kostim mwen an mwen sou komandan monpwen ki te responsab anti-gang a lepok sak fe-m di se kostim mwen an mwen te fe yon ti sign TED LAPIDUS nan kole ves la avek glitez ak siman kodonye.mwen pa di monte mwen pa di desann mwen mete vwel nan vann-m mwen kouri san mwen pa gen tan we Michel Fracois.

e byen me zanmi men Lame mwen di ki pa enpotan pou mwen an li te fem soufri anpil a chak fwa mwen tande pale de lame mwen tranble .mwen mande nou padon konpatriyot mwen yo mwen konnen gen anpil nan nou ki ta vle lame a tounen mwen pa kont opinyon nou men mwen li pa enpotan po mwen.

Related Article:

A Haitian Army Is NOT A Priority, Some Say...

There are those who say that, while a Haitian army is constitutional, it is not the priority right now... Do you agree or disagree??? Food for...

REPLY to this message

Return to Message List