Pep Ayisyen, Nan lanmou Bondye papa a, maten an mwen kriye de...

Lejean Jacques - March 19 2011, 8:48 AM

Pep Ayisyen,
Nan lanmou Bondye papa a, maten an mwen kriye de jwa pou m salye nou nan non Bodye.M'ap tou pwofite salye Leta Aysyen an pou de vouman li, pou sansibilite li, mwen ap salye Fanmi lavalas pou fidelite li, m'ap salye tout moun ki viktim nan tranbleman te 12 janvye a, ak moun ki pedidi lavi yo nan Epidemi kolera a, epi map salye tout Jen, Adilt ak tout moun ki kontribye vini moun nou yo ki an EXIL yo, mwen remesye Minis Afe Etranje a ak President Preval ak koleg li yo pou fason yo te mete tet yo ansanm pou sove Peyia.

Pep Aysyen, Mwen retounen di nou anko, mwen renmen nou, men se nan lot ak disiplin, mwen kontan kade kouman nou kontan akeyi Ex. president Aristide, konsa tou pa bliye poun pa fe vyolans sou peson, pito nou sonje ak konstriksyon peyi a ki kraze a plis toujou, pa di nap fe fet pou Ex President epi se lot moun nap pwofite pou tiye.

Mwen konnen jodia, M. Aristide se yon Pere de Famille, li pap dako vyolans, kom li di nan plizye repriz diskou li fe, l'ap vini pou Education Pays a, non pou politk, sa a se yon bel bagay, Ann mete tet nou ansanm pou n ka konstwi Lakay.San dyalog nou pap ka fe ayen, jodia mwen mande nou yon dyalog ak tout sekte yo pou n konstwi Peyi a, paske nou pa kapab anko.Twop san koule, depi konnya pou pati politik ap touye moun ele nou fin eli kouman ak ye, men zanmi ann pa kite zot mete nan men nou yon timonnen poun retire lavi yon lot.

Mesag pou Ex. President Aristide, Pep Aysyen renmen ou, men se pou w fe kichoy pou yo, si tou pou jen ki fin fe philo ki pa ka antre nan Universite, sa a se yon pli jwo pwoblem, paske yo pa genyen anyen pou yo ta fe kob. Mwen felisite ou pou tout dispozisyon ou pran pou w chanje system Edikatif Lakay, mwen konnen ou fe anpil esperyans nan anpil pati nan sosyete a, mwen konnen ou kafe, ebyen ann twavay ansanm pou n sove Lakay.

Marys, mwen salye ou kom yon Fille ki pa pran presyon, ann mete tet ansanm poun ka avanse, pa mete nan tet nou nou se viktim, paske Labib di si yon moun fe w yon mal fel byen, mwen konprann nou, men ann pa leve sa ki pase yo pou ka avanse.

Pep Aysyen si nou pa pran yon desisyon pou n vote yon moun ki gen kapasit nou ta anvi fe nou pap ka fe, mwen di no vant timalere yo nan men nou, pou ko nou egret le nou fin vote.Men Peyi Dessalines nan nan men nou.

Se zanmi nou,
JACQUES LEJEAN,
E-mails: lejeanjacques at yahoo.fr
jacolejean at hotmail.com

Related Article:

Jean Bertrand Aristide Return Speech - March 18 2011

VIDEO: If you missed the live coverage of the return of ex-president Jean Bertrand Aristide, we have his speech video for you in full. Watch it now...

REPLY to this message

Return to Message List