Mwen respecte parol ou yo, men an tan ke ayisyen mwen gen doua...

Sergo Jean - March 5 2011, 9:22 AM

mwen respecte parol ou yo, men an tan ke ayisyen mwen gen doua pou choizi lecol pou jwen formasyon profesionel pou repond a bezwen fanmi mwen .Diplom pou mwen vle di yon papie ke mwen recevoi de leta ki di ke papie sa certifie ke mwen te asiste cou sa pou yon dure de temps men sa pa vle di mwen diplome nan tout bagay e mwen conn tout bagay sa fo si yon mounn ta lese ou conpran sa. politicien ayisyen manupule mounn pou yo manupule paske yo panse tout mounn imbecil jan ou dil la men yo trompe.mwen leve de yon fanmi pov, men mwen jwen bon educasyon du cote de gran me mwen ki gen laj 86 an actuelman, li pa janm arete yon foua nan vi li, li viv avec yon sel mari, li toujou reponn a bezwen fanmi li, nou pa janm soufri yon foua pou bezwen nou, li aprann nou viv avec sa nou genyen, li di nou pou pa janm convoite zafe lot mounn eli anseye nou pou toujou fe efo nan lavi paske nap yon mounn demen e nou ka vini ninpot bagay si nou vle depi ke nou rete lecol, li toujou di se sa ki pral permet lot mounn respecte nou paske nap vin gen intelijens, mwen pa cre educasyon sa mwen recevoi de gran Mere mwen an, mwen pral bay vag a limen pou politicien cap mache blofe mounn depi ke mwen connen yo epi al tan gren duri nan men lot peyi pou vin ofri pep pou montre yo se mounn ki connen.depi a 10 an mwen apran a travay pou reponn a bezwen mwen pou mwen pa janm tann mounn fe pou mwen. e counie a mwen fini pa apran se la reyalite de vi ke liye. se sac fe mwen choizi Mirlande kom candida se kalite sa yo mwen decouvri lakay li.zafe kote li te ye kisa li fe amwen pa conn anyen de sa selman mwen connen li se yon politicien e mwen pa connen li te ocupe yon pos pou mwen ta bawou yon bilan de travay li. apropos de Jude Celestin mwen swete ou al pran informasyon sou li wa connen ki mounn liye, sel sa mwen connen paran li te directe nan minister interie sou Duvalier se sac fe ou we Micky di se yon mounn li connen se zanmi d'anfance li.se sac fe ou we Jude te gen posibilite pou al etudie a l'etranje, men ou connen fanmi te gen cob leta neg tap pran plezi yo pat bay lecol inpotans ese menm yo menm lan jodia cap critike Diplom paske yo panse yo ka vin chef sou pil imbecil yo, map di ou yo trompe e men le yo ta vin chef wap we Haiti pa janm bouje, a mwen ke mouche blan ap toujou vin fe pou ou le lap voye mounn soti lakay yo pou fe paske nou tout se mounn sot.epi wap toujou gen troub pou dirije peyi a. paske se pa duri etranje nou bezwen nou gen ter nou ka plante tou.sac pa vle travay yo ap gonfle yon cote e sa ki vle viv yo ap travay epi ou pral jwen de group sa yo ki pral batay e se consa wap gade ayiti pral depa fini cote cap gen soufrans e tout lot bagay se pa rezulta sa ou gen la.ou pa we tout politicien ayisyen yo caduc sof 2 mounn sa yo ki rete, e se rezon sa ki fe ou we Duvalier an Haiti epi Aristide mande pou li tounen tou se pou ka vin gen plus confuzion epi pou mouche blan ka toujou la paske wap gen confli

Response to:

Frer Sergo nu tut apreciew su net la e nu tut kompren...

Related Article:

AUDIO: Michel Martelly Slams Mirlande Manigat In Cap Haitien

What has Mirlande Manigat done in her 30 years in Haitian politics? This is the question Michel Martelly is raising... Micky says in Cap-Haitien...

REPLY to this message

Return to Message List