Kitemele'nou poukisa Jean-Claude la, ou poukisa intel vle...

Ronald Altieri - February 5 2011, 10:16 AM

Kitemele'nou poukisa Jean-Claude la, ou poukisa intel vle rentre ou poukisa intel vle pati ouo poukisa intel pavle ale.

kitemele'nou!

Fre Souem tande!

1- Nou nan fe noi nan lanee 2011
2- Demons ap viole ti moun ni gran moun
3- Fatra ki devan lakay nou'en la toujou
4- Moun ki supoze cauz kolera'a la toujou
5- Tout moun ap pale france timoun kompren creole
6- Paguin yon lopital general nan chak gran ville yo
7- Etranje ap minmin min diaspora en danger pou vizite
8- Nou paka konte sou yon ambulance pou vin cherche yon malade
9- Etranje di le monde pa vizite parce ke demons ap vole ap viole
10- Nou tout kon problem et solution'en se nou se pa yon prezidan

Ok! Jean-Claude rentre pou 5.7 millions pou fai ceci pou fai cela. Ki importance sa guiyin en comparaizon avek sak guin multimillion'yo.

Sa'w we sak guin 100 million'en ap fai pou sa kap mouri grangou pou yon ti morceau pain ak fromage?

Sa'w we sak guin 200 million'yo ap fai pou sa kap mouri soif pou yon ti gallon dlo?

Sa'w we sak gui 300 million'yo ap fai pou sa kap mouri pou 2 ou 3 ti grin antibiotik?

Sa moin mim avek ou min ap fai pou fai yon difference positive pou avance peyi'nou; pou aide manman ki Ayiti leve sot nan maladi tristesse sa'a li laden'nen?

Ou bezoin Ayiti ranje, et bien commense aide ranje'l
Ou bezoin Ayiti guin moins crime, et bien pa fai crime
Ou bezoin Ayiti guin plus amour, et bien bay plus amour.

Ou bezoin Ayiti guin plus respect, et bien commense respecte tet ou
Ou bezoin Ayiti vin plu propre, et bien commense pa nettoye endedan'ou
Ou bezoin Ayiti vin ceci cela, et bien mete tet'ou nan rout pou vin ceci cela

Se pa chita ten ap pale pou intel, ap di ke ce intel ou la mort'non - LI SUPOZE AYITI OU LA MORT.

Se mete main plante moralite, humilite, charite nan lumiere lenmou pou sa kap vini'yo pa recolte nan fai noi mechancete.

Se pa chita ap ten ou vote pou intel ka chanje Ayiti nonn - malgre sa guin enpil valeur, min se mete main pou'w ka chanjel pou kont'ou par facon ke ouap viv; par facon ke agi avek moun; par facon ke ou respecte tet'ou et en resume par facon ke ou bay Ayiti affection.

Oua Suiv! M'te oblije voye'l monte konsa.

Related Article:

5.7 Millions Reasons Why Duvalier Came Back To Haiti

Some say Jean-Claude Duvalier is back in Haiti to help rebuild... YEP... Duvalier vini pou rebati LEOGANE... But all the money Duvalier has in the...

REPLY to this message

Direct replies to this message:

Mwen pa kapab ekri kreol tan kou'ou, parole ou ce...

Return to Message List