Yo ap eseye maske moun ki an Haiti, yo konnen byen moun ki an...

Sergo Jean - November 12 2010, 5:35 PM

Yo ap eseye maske moun ki an Haiti, yo konnen byen moun ki an deyo peyi ya pa ka vote e yo pa gen vot nan palman.

Si yo panse fe sa mwen kwe se pa mal men yo pa janm ouve bouch yo pou di ki sa yo pral fe an Haiti si yo pase. Premye bagay mwen ta renmen pou yo fe se pou yo di an Haiti a pep la nan kanpay yo kisa yap fe pou diaspora si yo pase.Men sa ke mwen we, mwen menm se pou Diaspora gen dwa poul vote an tan ke Haitien, poul gen dwa pou kandida pou senate, depute,magistra e otre, fok diaspora bay 3 senate e 3 depute pou represante l nan palman an Haiti, e se la pou ya l siege.yon Haitien ki reside an Haiti kit li pran nasyonalite de lot peyi ka ocupe ninpot ki pos an Haiti sof ke li pa ka prezidan si li pa fet nan peyi ya. Paske diaspora Haitien dwe konnen tout lwa kap vote sou do l an Haiti.

Si kandida sa yo pa sou blof mwen mande pou yo reponn a pawol sa yo mwen di la ou byen pou yo email mwen.Mwen konnen yo pral pran constitusyon met devan, mwen di yo se nou ki te vote l e nou ka amande l neg ki di li pa ka amande ya, yo konnen byen pou kisa yo te mete atic sa e map di se paske yo medioc nan panse yo e yo vle pran tout pou yo.Si yo vin fe canpay nan diaspora se sa mwen ta renmen yo cleronnen avec bouch yo, se pa vini epi tounen Haiti al di a moun ki paka voyaje yo mwen te rankontre avec intel epi ou konnen ou sou blof avec moun yo.si yo di Haiti yo te rancontre avec Diapora se pou jounalis yo an Haiti mande yo sa yo di yap fe si yo pase kom prezidan pou pemet lwa ki bare diaspora pou foncsyone an tan ke citoyen nan prop peyi li e nan combien mwa lwa sa yo pral chanje l.si se pa magouye yo ye kap mache al we zanmi pou ka al blofe sa ki pa ka rantre nan lot peyi paske blan pa bay moun sa yo viza an Haiti, jan li bay blofe sa yo viza .Yon jou pep la ap konn tout verite paske gen moun ki pral pale parol sa an Haiti pou di jan de travay yap mache fe ki jan yo fe kob sou tet yo le yo nan peyi etranje.

Related Article:

Haiti Elections - Why Do Haitian Candidates Campaign In The Diaspora?

This question is asked many times on local Haitian Radio stations in the diaspora: "Why do the Haitian Presidential candidates waste their time...

REPLY to this message

Return to Message List