I desagree, pa gen unite nan eleksyon an Haiti kap fet la.sa...

Sergo Jean - September 9 2010, 12:10 PM

I desagree, pa gen unite nan eleksyon an Haiti kap fet la.sa ou we kap fet la avek prezidan Preval la se cho biznis, pou montre kominote enternasyonal la li gen volonte pou fe sa ki bon; montre yon fwa apre tranbleman ter ya li pale avek lider politik yo, pou yon nouvel Haiti pou tout mounn gen vwa yo nan rekonstrucsyon peyi ya, sof boujwa avek neg ki gen kob yo te kon vole nan ansyen chef gouveneman ki te la yo. Haiti kraze pou tout mounn ka pran leson nan vi yo pou apran koman mounn dwe viv nan sosyete kote mounn ap viv.Si te gen unite pa tap gen lwa pou CEP ki mete li piwo pase kou kasasyon an Haiti, le li fe lwa si li rechte yon kandida li pagen dwa a rekou devan kou kasasyon peyi ya. panse sa yo rele troub demen pou Haiti.

An 2000 se sa nou te genyen deja avek eleksyon Aristide/Preval e Alexis.

Si te gen unite an Haiti, pati INITE Preval fe avek group zanmi li yo tap asepte Jacques Edouard Alexis kom kandida san li pa tap al pran yon lot nom nan yon lot pati pou vinn kandida.Kote Espoir ki te mete yo sou pouvoi, sa ki pase.Vole avek mafia toujou gen problem avek nom yo te kon utilize nan lavi yo.le neg ki gen kob pale, yo pale an fonksyon d'interet yo genyen nan bagay la.yo pa janm pale pou pep.si yo te konn pale pou pep, apre 206 an indepandans e libete Haiti geyen, nou ayisyen pa tap imigre nan lot peyi, ni pran exzil.kote sa yo te fe.si yon mounn gen 60 ou 70 an, mwen ta renmen mounn sa di mwen ki sa li te ansenye generasyon sa.si li pat kapab pou mwen te gen yon febles.

kounye ya gen yon pot ki ouvri pou generasyon 18 an a 50 an aktuel sa nou gen kounye ya pou yo bati yon lot Haiti, ki fonde sou justis.san vole, san korupsyon, san vye panse babar, san magouye, ou neg ki te konn vole kob pep.ou byen le yo gen pos nan gouveneman.

gouveneman se pep ki fe gouveneman, pou gouvene pep. gouveneman fome yon group mounn ke li bay nom CEP pou fe bon eleksyon pou pep ka chwazi lide pou vinn gouvene si gouveneman pa bon lap bawou yon leta pa bon. Mango pa konen donnen zoranj, zoranj bay zoranj .Mango bay Mango.Menn loske ou chanje nom pie Mango wa lap bawou mango.vole bay vole, amwen ke li repanti pou li pa ta fe sa anko men se pa nan leta pou sa ta vinn fet, se avan mounn sa ta vinn nan leta epi se pep la ki pou ta di mo sa se pa zanmi li ki pou ta mete l nan magouy.

exemple ou pran pou Duvalier, Aristide,Lavalas, FNCD,ESPOIR, se sel bagay mwen dako nan sa ou di ya men youn ladan yo pa reponn a sa Peyi ap tann de pitit li yo.sa lwa Haiti di pa fe se li lide yo fe, pou interet pa yo. Haiti kounye ya gen 2 gouveneman, Preval yon Bo avek lwa Haiti ya. Gouveneman Bill la yon lot kote Avek tout dwa pou rebati Haiti avek yon lot group.Pou sa mwen pa kwe nou bezyen Eleksyon an Haiti.

paske sa konstitusyon Haiti ya di ya viole.

si nou cheche atik yo nap jwen yo.Pou Wyclef gen yon atik.pou Celestin genyen, pou Alexis e Yvon genyen.Pou mwen panse pam se pou nou ta vinn yon nasyon ki gen prop zafe li.se sa yo rele pep.gen anpil peyi devan nou ki montre sa sa vle di pep.mwen poko we gen yon mounn ki kanpe pou Haiti, sof pou fanmi yo ki pat gen anyen nan tet yo pou demen, ki konn di manje, pran fanm ou vle, fe fet tout bagay pral fini. yo pa konnen pep la gen pitit li kap deplase yon jou pou we lot peyi, koman mounn viv avek lot mounn, kijan la lwa aplike nan vi lot mounn.

kounye tout sa ou we kap fet ayiti la se pou neg ka jwen kote pou yo kache apre manda yo. Paske nan mond na viv la kounye ya tout Peyi ap reklame peyi yo pou mounn lakay yo, san lot mounn ki soti lot kote.Peyi nou pat panse komanse di mo sa.tout mounn ale lakay nou men le ou te fet nan peyi ya, yo komanse di ou pat gen dwa.se pa unite kap pale nan eleksyon Ayiti se divizyon, paske gouveneman fe ko avek CEP pou bawou sa li vle san pep.nou te gen bagay sa deja an 2000 pou 2001 ka vinn pi bon. rezulta pi mal.

Related Article:

Haiti Elections - Brandt Says it's about time we talk about being Haitians

There is a call for unity in the Haitian elections this year and businessman Gregory Brandt is standing behind presidential candidate Jude Celestin...

REPLY to this message

Direct replies to this message:

se vre, pa janm gen tet ansanm nan selman nan...

Return to Message List