RE: Diaspora Vote Haiti Election 2011

Sergo Jean - August 25 2010, 11:47 PM

Mwen pa kwe yo ka vote nan election 2011 paske yo poko gen plas yo nan sistem politik an Ayiti, sof pou kob. Diaspora bezwen fe kek bagay bokote pa li pouli ka vini yon fos reyel an tan ke group mounn ki gen anpe konesans sou ki jan mounn viv, antan ke mounn.

yo dwe oganize 2 group pa plis ke sa.epi fok yo pa group politisyen Ayiti ka achete le yap ofri yo pos represantan an Haiti ou nan peyi kote ke yap viv la.fok ta gen prime ki fet pou 2 lider sa yo nan peyi kote ke ya viv la .loske elu kom lider nan Diaspora Haitienne nan, yo gen pou yal konsulte tout Ayisyen ki ap viv aletrange pa moyen ke yo kapab, email adress, telefonn,televizyon, yon di lot.epi nou ap vini avek lwa, regleman nou bezyen kom rekonesans devan prop gouveneman nou an Haiti e padevan gouveneman etrange yo pou Haiti.

pendan ke lider sa yo pral aji selon lwa manman peyi Ayisyen yo nan respe.tout dwa nou genyen antan ke Ayisyen pou nou ka reclame yo, pou nou ka reconstri Ayiti.avek politisyen Haiti yo, ou byen san yo men. paske mwen kwe nou se yon fos ekonomik, e nou prepare an menm tan pou Ayiti ka gen yon lot van economik ki soufle nan peyi sa.nap ka estope mounn kap fe lot malveyan, nap ka bare vole kap kouri, kidnape,tout sot mechanste ki fe nan prop peyi nou an Ayiti.nou menm Yo rele Diaspora nou byen plase pou ka explike paran nou yo koman mounn viv avek lot mounn.nou pa dwe gen tret pami nou nan group sa si li ta fome. se sa ki fe nap bezwen lwa pou nou menn epi lap bezwen rekonet pa leta an Haiti e oganizasyon intenational yo.Siyo te creye yon diziem depatman se nou menn ki pou oganize li.mwen disponib pou bay ide avek ninpot moun ki we sa ka fet pou Haiti, nan Diaspora.mwen pa bezwen travay mwen gen yon deja pou mwen ka viv avek fanmi mwen.nou selman vle pote yon chanjeman nan societe kote ke nou te fet la.pou nou ka ede lot mounn ki bezwen ed.

REPLY to this message

Return to Message List