Mwen panse, Wyclef pale cleman tout ayisyen ka kompran sa li...

Sergo Jean - August 24 2010, 12:07 PM

Mwen panse, Wyclef pale cleman tout ayisyen ka kompran sa li dia. Se moun konsa peyi a bezwen, ou pa tande li di lap tan ed pou ede pep ayisyen yan.Li pale langaj pep la e sa sa yo bezwen.pou moun pa kenbe pep la nan povrete pou yo ka vin rich avek moun lakay sou tet li.Depi 1987 kisa ou remake, ou pa toujou we, prezidan peyi a creye lot CEP, eske ou jam konnen pou kisa yo fe l, ni mwen ni ou nou pa jam gen yon explicasyon sof li pa bon, yo vole, yo fe magouy, yo pou pati politik pa yo, ou byen yo anfave prezidan ki sou pouvoi.

Si ou gen justis nan yon peyi mwen panse fok li fonksyone kom sa ta dwe fet. kombyen ou jam tande yo kondane depi 1987 0 ki egal 0 bare.sak ki demisyone duran tan sa yo sa ou tande deyomen anyen.Mwen panse loske ou gen lwa nan yon peyi lespri de lwa sa dwe, fe reflete nan moun ki nan peyi nan timoun kap fet e men moun ki mouri yo, nou dwe gen yo respe pou travay yo te fe pou nou.Map di ou yon bagay nou pale de libete paske se langaj sa tout paran nou yo konen, paske yo te esclav epi nou pa jam vle tounen nan etap sa yo anko, se sa ki fe le nou te konnen fe yon bagay le nou te piti yo kale nou, loske ou pran baton ou di ou pap fe sa anko, se moiyen sa yo te genyen nan men yo, se sa yo te eritie de metre yo le yo te nan esclavage.

An justis kounwe ya eseye aplike sa mwen di ou la .pou sa fet ou bezwen yon changeman de mantalite ou byen terapi nan lang blan .gen kelke etap pou pase tout ayisyen bezwen rekonet sa .ki se sa Wyclef di ya :nou bezwen edukasyon ki se numero 1 pou li, travay paske gen yon pil moun ki gen timoun ki bezwen mange epi pou voye pitit yo lekol, peye nan jou yo dwe touche epi ou pap gen vole jam ou genyen li la nan peyi ya.se apati de sa ou pral gen sa yo rele securite pou tout moun nan peyi a paske yo gen yon bagay yap fe pou reponn a bezwen fanmi yo. kounye ya li ka defini yon plan de securite nan longtem pou peyi a, avek tout ayisyen ki ka di ki jan yo vle li le chak represantan nan vil provens pral bay opinyon yo.Nou gen insecurite nan tout bagay nan peyi a .Leta ayisyen se insecurite li ye pou prop tet pa li. loske li creye lot group andeyo la lwa, sa li bay zam, sa li bay post nan leta san kalifie pou post sa, gade CEP ya ki ansyen juj ou we la dan sa vle di ke moun ki konnen lwa ayisyen yo, ki ansyen senate ou we ladan, sa vle di moun ki tap veye manman lwa peyi ya.gade pou we tout moun lider politik yo le plu souvan voye nou kont yo di mo nan radio kont yo wa, se yo men anko prezidan ki di pep vote yo wa pran pou oganize tout bagay pou nou.Yo ale nan legliz pou jwen yon reprezantan, men mafia ki te konnen denonse esclav yo, le yo di yo vle vin lib, le yo mennen yo legliz nan yon le diferan ke met yo al legliz, ki legliz mafia, vole pedofil, neg kap anrichi yo sou pov malere;se rezulta sa ou gen jodia nan CEP sa .An pran societe CIVIL yo di nou gen yen yan sa ou we boujwa la dan ki travay ou pense moun sa pral fe nan CEP pou pep, lap fe sa met li mande li poul fe toujou apiye prezidan nan sa li vle loske gen eleksyon se majorite pou bali se sa kap fe biznis nou mache nan peyi a, nap jwen kontra pou nou ka vole plis, epi loske wap pale pale de lwa peyi men si ou ale nan valiz tout neg sa yo wap jwen kat rezidans lot peyi nan poch valiz yo.yo pa konnen si nou konnen si ou rezide nan yon lot peyi etrange lwa lot peyi a di ou pa gen dwa pase 6 moi an deyo de peyi ou rezide ya .Le yo pot tout nom moun sa yo bay prezidan li fe chwal pou regle zafe li.si ou pran chwa pati politik yo se pou al regle prop bagay pa yo.Le prezidan acepte l li change kan politik paske tout pati politik se biznis li van tet li avek prezidan tout neg se inbesil li men se neg lespri, nan tet li lidi manman pat voye mwen lekol pou m te apran sot.lap anrichi tet li.li jwen bous pou pitit li al etudie lot kote aletrange epi lap gen tan fini pou jwen travay nan men manman bef sa tout moun ap souse ya.pa jam gen anyen ki fet sof retire ko ou mwen rantre se men nou men nan, nou se marasa .pep zero .mwen panse le Wyclef pale de moun yo ki nan tant la se yon bagay pou nou swiv pou we.eske ou jam we leta creye yon kote ki desan pou moun viv sof bidon vil, se leta ki toujou creye tout sa ou we nan yon peyi, li se sel chef nan tout bagay ;pep vote moun pou dirige li vini avek minis li lika revoke moun sa pep vote ya san li pa pase devan juj. juj pran yon decisyon li nome yon lot pou ranplace apre kek moi le yo fe kouri bri juj sa te konnen lage moun pou lajan ou byen li malonet, se konsa societe ayisyen vinn konronpu paske ou kraze sa ki bon pou pou akouche sa ki pa bon.se rezulta sa nou geyen avek CEP sa, jete Wyclef pran Micky, Neptune, Alexis avek tout rest li di ki bon yo :ki histoi moun sa yo .Yvon Neptune sou gouveneman lia masak vil St.Mack.Alexis Malonet pil lajan disparet, epi li achte kay pou preval le li fini premye manda lia .sa li te bay pep ayisyen yan anyen sof bidon vil.Mwen te travay nan biwo biv nan premye eleksyon ki ta fet Haiti mwen konnen kek bagay kita dwe fet pou elimine magouye nan domen sa yo.se eleksyon ki ta dwe fet pou CEP li men nan Peyi a.se pep ki pou chwazi moun ki pral nan CEP, se pa ni prezidan, ni pati politik, ni legliz, ni societe civil, ni juj, ni sena, ni depute tout se vole oganize avek kostum pou fe konbinezon secret sou tet moun, se pep ki oganize pou fe chwa sa yo pa vot, paske tout moun ap vini avek diskou yo sa yo pral fe. Men jan yo bay invitasyon a lot peyi pou vin asiste eleksyon nou ap invite yo pou oganize sa pou nou an tan ke group ki net san pati pri pou jwen nef mamb sa yo atrave nef depateman.wap gen moun sa yo ki pral fe eleksyon pou nouvel Haiti nou bezwen an san magouye ap vole paske ou pral gen bon rezulta elksyon nan tout peyi a.The right men will be on the right place.

Related Article:

AUDIO: Wyclef's Creole Message To All Haitians About CEP Decision

Listen to Wyclef's Creole message to all Haitians about the CEP decision to kick him out of the election and his intention to fight it. Press Play...

REPLY to this message

Return to Message List