San MINUSTAH, Jj.Ism lontan Prezidan Preval tap pran yon so...

Pierre - December 11 2009, 8:28 PM

San MINUSTAH, Jj.Ism lontan Prezidan Preval tap pran yon so kabrit, paske swadizan politisyen Ayisyen yo ke mwen menm mwen rele OPOTINIS, ou met bayo manje tout gatowa, kom gwo aloufa, fok ou ta bayo menm fouwa ak plato ak koujin nan pou yo ta satisfe.

Paske mwen ri jouk mwen bave, lem tande youn nanyo ap di chwala grangou, li pa genzeb douvan li, li pase nan opozisyon.

Ki oppozisyon souple?

pandan ke bonkou moun ki nan pati liya nanzantray gouvenman an?

Bourik travay, chwal ap gariyonnen.

Jj.Ism, le sa bon, di libon.

Wap envite kamarad Desrameaux vin kole zepol ak w nan INITE.

Mwen si e seten ke le w rive nan palman ki pral gen tout fov yo (tankou tigr, lyon,elefan, sepan, jagwa, leyopa elatriye, elatriye, pifo nan noupral manm DEZINYON, paske nou pa pral defan entere pep la vre, Se entere pa nou ke nou praldefan.

Pifo nan pami Sennate ak debite INITE yo pral travay nan F M P. ki vledi F = FOURE M = MEN P = Pran. Kidonk, se foure men nou pran menm sa peyiya pa genyen paske depi lontan Swadizan polisyen Ayisyen yan le yo sou pouwa, yo jwenn tankou yon $197,000, 000.00 kisa w konprann yap di: 10 X
10 = 100, yo itilize lang divizyon wan, ( le franseu ) yo di: " je pose 0 et je retiens T O U T.

Kidonk Jj.Ism mwen kwe ke INITE ya ap viv SELMAN epok eleksyon wan apre eleksyon tout kabrit ap cheche patiraj yo.

Male vye fre m. Malgre sa nou fe LAVALAS MAP TOUJOU RETE LAVALAS e map kontinye renmen w paske mwen konprann ke chen grangou pa jwe.

Mesi anpil

Response to:

Mon cher Desrameaux, C'est entierement votre droit...

Subject:

LA POLITIQUE HAITIENNE

On entend souvent parler de politique haitienne. Face

REPLY to this message

Return to Message List