Gras ak Senateur Rony Celestin gen anpil jèn ki pral benefisye bous pou yo al etidye nan peyi etranje

Delson Phtk - May 9 2019, 6:49 AM

Jodia nan non tout militan PHTK ak alye yo, nou koube nou byen ba pou nou di yon gwo mèsi ak Senatè Rony CELESTIN kote li toujou kanpe dèyè tout demach Délégué Budry CORIOLAN ap pran nan depatman an.

Jodi a, gras ak Senatè Rony Celestin nou gen anpil jèn ki pral benefisye bous pou yo al etidye nan kèk peyi tè etranje

Gen ampil jèn ki deja rive benefisye kèk bous nan inivèsite nan peyi a.

Jodi a nou pap pran tan pou nou pale de kèk projè Senatè Rony CELESTIN deja bay ampil bourad nan depatman an:

Anpil ti machann jwenn kòb pou yo fé komès gras ak Senatè Rony CELESTIN.

Honorab Rony pa pale anpil, li poze aksyon

Pale pale w, Senatè Rony ap travay pou sa ki pi mal yo. Senatè Rony ap goumen nan gouvènman sa.

Fòk depatman sant gen yon Direktè general ki sòti ladan l

Gras ak de moun sa yo Senatè Rony CELESTIN ak Delege Budry CORIOLAN militan sa yo deja jwenn nominasyon yo nan OAVCT:

Inora rachelle
Lesly Francine
Jérome Markenson
Aristil Prismay

Nan semèn sa la nou gen pou nou al pran lèt sa yo andedan EDH
Nelson elias
Jean Wilson nan Cange
Joseph Pierre louis Deco Ville
Fleura Josue (Journ)
JOB ELI

Militan kap tann lèt yo nan Ministère de la Justice poze, nou lap rive.

Senatè Rony Celestin ak Delegué Budry Coriolan deja satisfè anpil moun nan depatman sant, yap travay plis chak jou pou yo rive satisfè tout moun

Senatè Rony CELESTIN, Délégué Budry CORIOLAN rive deja satisfè anpil moun nan depatman sant kote yap travay plis chak jou pou yo rive satisfè tout moun.

Senatè Rony CELESTIN ak Délégué Budry CORIOLAN yo pa nan koze chodyè a ap bouyi nan yon sèl bò a. Ni PHTK, ni alye yo, fòk yo tout rive satisfè nan batay yo sot fè pou pouvwa yo a.

Senatè Rony mande pou tout militan rete tèt frèt. pouvwa nou bali a, lap tounen l ba nou nan respè youn pou lòt kote nou chak konte.

Nou tout gen plas pa nou; sèlman, tout problèm yo paka rezoud nan yon jou.

Kolaborasyon Senatè Rony ak Delege Budry tout 13 komin yo ap rive touche paske nou konn tout moun

Ann gonfle ponyèt nou. Ann rete pi soude chak jou pou yon sèl viktwa.

Viktwa ap pou pou tout.

Viv Depatman sant

Viv ayiti

Rezo Sant ann pale pou n vanse

REPLY to this message

Return to Message List

Comments

Calot Blanc says...

Felisitasyon ak Senate Rony Celestin e delege depatman an Budry Coriolan, kontinye travay poun bay depatman an satisfaksyon kenbe la. more »

Sorin says...

Haiti Politique - SORIN EMMANUEL Depute 2eme Circonscription de Port-au-Prince Projet de developpement communautaire participatif au milieu urbain... more »