Opozisyon sa a pa gen remèd pou Ayiti. Ki bilan Moise Jn-Charles?

Lopinyon Piblik - October 18 2018, 8:24 AM

Opinyon piblik lan kiyès ki fè l?

Se tout sa ki pale fò, ki pale anpil ki verite?

Wi jodi an opozisyon demagojik lan preske genyen batay lopinyon an sou pouvwa a. Sa yon moun dwe konprann menm opozisyon sa a pa gen remèd pou Ayiti.

Tout sa yo k'ap pale byen fò yo la a yo chak te gen responsabilite yo nan leta a e yo pa te fè ladiferans.

Moise Jn-Charles fè 12 zan majistra komin Milot, li pa kapab bay reyalizasyon l non nan komin Milot.

A tèl pwen sou pouvwa Lavalas 2001 rive 2004 lan, non Moise Jn-Charles site nan moun ki te gen lajan wout soti Milot pou rive Okap nan men l e anyen pa te fèt.

Ankò se te konseye politik Prezidan Preval nan ane 2006 rive 2009.

Ann gade ki gwo mezi politik préval te janm pran pou refè peyi sa a?

6 zan senatè Moise Jn-Charles, ki bilan l?

Epi jodi an se menm nèg sa yo k'ap kritike sa ki la.

Se sa ki fè mwen toujou di se yon opozisyon politik demagojik.

Rezon an se paske m konnen yo pa janm fè anyen konkrè pou ede Ayiti soti nan sa l ye.

Pozisyon m klè sou kesyon politik lan. M pa kwè nan vye klas politik pouri santi sa a. Mwen pou yon nouvèl klas politik modèn ak yon chanjman konstitisyon.

W ap dakò avè m si m'ap pale de nouvèl klas politik pa di m m' pral kite se menm figi sa yo ki dwe toujou prezante m ak pale pou mwen.

REPLY to this message

Return to Message List