Senate Don Kato Bezwen Back Up Popilasyon an!

Neglakay - September 6 2017, 12:51 PM

Ayibobo pou Senate Don Kato pou kouraj li genyen pou li kanpe sesyon madi a nan sena a ki ta pral vote pwoje lwa 10,000 goud la sou do dyaspora a pendan ke palmante yo ap gagote nan lajan peyi a.

Mas pep la dwe pran note ki moun kap defann entere yo reyelman vre nan palman an. Dyaspora a ansanm ak mas pep la dwe pozisyone yo pou pote Backup bay Don Kato nan travay lap fe pou anpeche palmante yo devalize peyi a. Se wont pou yon senate aksepte touche 2 milyon goud pou l ka vote yon lwa pou kase ponyet dyaspora a pran 10,000 goud san rezon valab.

Antouka Ayisyen konsekan ap swiv palmante yo et yap di Ayibobo pou senate Don Kato avek lot Koleg li yo ki refize mache nan likidasyon politik malpouwont sa a ki blayi nan palman an depi kek tan.

REPLY to this message

Return to Message List