Jovenel bannann: Fi-n fou net, peyi a pap tounen nan drama tet...

Patrick Jean - February 17 2016, 4:24 AM

Jovenel bannann: Fi-n fou net, peyi a pap tounen nan drama tet kale a anko.

Jovenel bannann ke Sweet Miki te mete foli prezidan an nan kalbas tet li, fi-n fou net kote lap mande dezyem tou. Bon se gras ak magouy gwo Soso, Opont, Manigat, Yolette...

te fe ki lakoz Opont tet kale te plase Jovenel tet zo an premye pozisyon.

Aloske yo konnen byen jeran jaden bannann Sweet Miki a pat nan batay.

Ebyen se sa ki lakoz manda ti Simone fini san yon lot prezidan pa eli. Sweet Miki te panse li te kapab fe ti pas kout bay Jovenel yon fason pou li te kapab kontinye ap vole, piye kes leta, vwayaje san rete...

Men pep la tap ret tann li nan kalfou danjere.

Malgre tout sak fi-n pase neg bannann lan kontinye ap viv nan lespas.

Paske Jovenel bannann depi apre 7 Fevriye 2016. Se pou li retounen al veye plantasyon bannann Sweet Miki, gwo Soso ak Kiko St Remy a. Pou kounye Jocelerme Privert pral mete komisyon evalyasyon an sou pye yon fason pou kat la rebat.

Paske Ayiti pap tounen anba grif bandi legal woz yo anko.

Related Article:

Haiti - Jovenel Moise di: Se Dezyem tou Election n'ap Tann, se nan Election nou Pwale...

Haiti Election -- Candidat PHTK Jovenel Moise di: "Se dezyèm tou election nou mande, se dezyèm tou election nap tann, se nan election nou...

REPLY to this message

Return to Message List