Si Jude Céléstin ak rès pati politik yo ap...

Patrick Princivil - December 7 2015, 3:07 PM

Si Jude Céléstin ak rès pati politik yo ap plenyen pou vòte ké PHTK pilé anba pyé pou mété Jovenel Moise sou trone nan sé paské yo san wont. Mwen pat konnen ki angajeman diktatè François Duvalier ak Jean Claude Duvalier té pran ak gouvernman Amériken, bank mondyal, Canada épi la France etc.

Dépi aprè 7 Févriyé, 1986; rivé jiskan 2010, ban ti mandyan ak mantè, vòlè yo chita ap fè fo plan biznis bay grande puisans yo ak bank yo pou prété lajan sou zo do Ayiti swadizan pou le dévlopman.

Pagen oken koté nan gro liv la ki di koté ti visyé yo janm péyé bank yo menm yon goude, ki koté malvéyan yo té péyé Gouvernman Amériken, la France Canada menm yon goude entérè.

Yo vòlè ni manman lajan an, ni entérè lajan an, kòman pou blan réspékté nou?

sé ban pa itil yo yé PHTK ak blan zyé vèt yo pa oblijé gen oken réspè pou yo. Gouvernman Amériken dwé lòt péyi lajan, Canada dwé lòt péyi lajan, la France dwé lòt péyi lajan etc. Vyé gouvernman Ayisyen yo menm, mwen gen entansyon dépi yo apwouvé pou lajan sa yo, kou yo résévwa lajan sa yo yal nan pyé nèg mawon ak lòt éstati ké yap adoré yo pou yo di mèsi papa pou lajan ké yo fè nonm papa yo bayo pou yo séré nan bank nan péyi étranjé sou nom zanmi yo, pitit yo ki gen makèt nan péyi d'Ayiti ak kèk ti ponp gzoline, kòm sé sèlman sa yo té pwodui Mwen pagen oken réspè pou moun sa yo. Sak pi fèm mal la ! Imajiné nou ké yo vòlè $ 1, 000, 000: 00 USA sèlman épi yal toufél nan bank péyi étranjé pou yap résévwa 5 pousan entérè chak ané?

sèlman 5 pousan entérè sa a ké yo fè a sé kont pou yo bouré, baflé, pété, vomi, valé tafya ak dwòg, abiyé, fè bèl chato, van dwòg, van gazoline, bay ponya a san pousan entérè etc. nan péyi d'Ayiti épi tout rès lajan an rété pèdi é gaspiyé nan bank péyi étranjé épi ti mas pèp la menm ap: aaaaaaaaaaaaaam.

Yo twò vòlè ak enbésil mwen pa fout vlé wè yo. Bagay la si tèlman bon pou yo chak 5 an yo parèt ak yon nouvo Prézidan ak 2 pla men yo, san entélijans, san konésans politik, san anyen nan tèt yo, san jaden, san faktori, san machine agrikilti, zéwo baré pou kontinyé sousé sang gouvernman Amériken - Canada, la France, ak bank mondyal, Dyaspora, fè pèp pasé mizè sou prétèks al parèt ak kwi yo nan men yo pou yap di blan zyé vèt yo ké yo pagen anyen nan men yo pou dévlopé Ayiti, sa sé vrèman yon wont.

Nou paka ap chasé gouvernman riche ki déja fin chita nan gouvernman Ayisyen an pou nal ranplasé yo avèk yon pakèt ti pòv ki pa menm ka manjé, nou tou konnen sé vòlè yo pwal kontinyé vòlè.

Blan zyé vèt gen dwa pasé règ yo vlé kounyé a paské ansyen chèf déta sa yo té vrèman enbésil. Pou konbyen de tan ké nap tandé lidè politik oswa kandida politik kap poté plent bay blan zyé vèt kont vyé magouy ké gouvernman élu nou ak CEP a fè pou pasé pouvwa bay zanmi yo?

Mété lòd nan lavi nou.

Related Article:

Haiti Elections - Kenneth Merten met with Presidential Candidates Jovenel Moise and Jude Celestin

Haiti Elections Update - US State Department official Kenneth Merten met with both candidates for president Jovenel Moise and Jude Celestin to talk...

REPLY to this message

Return to Message List