Haiti - Mezanmi diaspora yo, bagay yo pa bon dèyè a

Patrick Princivil - June 11 2014, 11:08 AM

An nou diskité sa an kréol, mézanmi diasporas yo, bagay yo pa bon dèyè a, nou pa bézwen pou main nou plin rakòlèt avan na'l édé Haiti.

Anpil nan nou bézwen vi'n planté bon manjé avek angrè naturèl, nou bézwen pou traktè ak gros camion ak trélè rentré nan jadin yo, trop ti maché krazé et déplorab en Haïti, anpil ti machan chita nan flan-me solèy pandan tout yon jounin ak yon ti komès parfwa ki pa min'm vo 50 gourdes et ki ranpli ak ti mou'n, pou yo okipé, ti marchan mizérable chita nan tout ti kwen nan la rue d'Haiti machine pa min'm ka pasé, ti machan yo ap plin'yin prèské chak jou fò yo jwen yon 5 gourdes pou yap bay inspéktè maché anba table jou yo pa bay li, diriz, maïs moulin, farine etc. tout ap pran kout pied ak kout baton, sa vlé di tout manjé sa yo ap mélanjé ansan-m nan fatra et min-m la commune (la mairie) ap fè min-m dézòd la. Tan O.N.G, Américains, Canada ak LaFrance yo pral ranjé Haïti pou nou nan kaka nou na wè grès nou. Pa chita tan nou gin million nan main nou pou na'l dèyè Prézidan sèlman, manyè fè service volontè pou sauvé Haïti. Mwen konpran sa, pa gin mou'n kap dévant kap chaché rékilé an arrière, sèlman s'il fou; mwen konpran sa, pa gin yon diaspora kap sòti au Canada-US ka pral aksépté pran 150 gourdes ou 160 gourdes par jou pou job Sénatè ak Magistrat en Haïti pétèt s'il pat gin rézidans nan gran payi yo, mwen pa di nou pou na'l rétiré kasav nan bouche pòv yo min an nou chak travay di nan payi blan yo et al acheté kòm piti yon demi karo tè nan province ki pa gin mou'n yo nou dévlopé'l nou-min'm, an nou kolé tèt ansan-m nou rantré prop WIFI nou, pon, dlo, route, an al fè pròp jadin òganik pa nou, koté nou tap okipé pèp Dominican yo min sé yo min'm kap founi tout kalité manjé bay pèp Haïsyen, koté sèvo Haïsyen yo té yé?

Nan trou bois, anba dlo?

Ginlè blan Fraçais té pran nan'm Haïsyen yo, dépi sou ti kay mizérable maléré yo bati an Haïti yo fèm konpran ké sé zombie ki habité ladan yo.

Pèp Haïsyen!

Sispan fè malfèktè sa pap itil nou anyin, valè mou'n sérié ki kap persévé nan légliz an Haïti, ki té ka itil nan gouvernement Haïsyen an nou méprizé yo pou'n ka réglé afè pèsonèl pa nou, nou préféré ap marché ranmasé
koko-rates ki pap itil nou anyin nan Parlement an pou vi'n dominin nou sou prétext sé ti pòv maléré tèt maré ki fè lévanjil.

Pa bliyé sa! Roi David-Salomon pat pòv.

Diasporas nou pa gin lòt chwa an nou pa kité blan zyé vèt fi'n acheté payi d'Haiti nan main nou, lè nou pran avion American airline de Haïti a Miami nou pa vrèman wè anpil Haïsyen nan avion yo ankò, sé blan sèlman ki ranpli avion an, s'il vous plaît pi fò rézèvé prémyé class nan avion yo, nou diaspora pa dòmi, lévé, an nou lévé kanpé pou nou défan'n payi nou, nou wè pifò Prézidan yo sé vi'n pratiké Prézidan, sousé sang pèp al chita nan yon kwen et manjé bwè ak fanmi yo, yo pa produi anyin, chrétyen diaspora yo! An nou maré tèt nou séré pou nal fè payi d'Haiti bèl.

REPLY to this message

Return to Message List