Opozisyon Politik Haiti-a, depi se eleksyon, yo toujou di li PA BON...

Joe Marmont - May 21 2014, 5:20 PM

Kisa MoPOD la vle di?

Kisa klas politik ayisyen nan vo?

Latortue t'ap fè yon eleksyon pou mete Preval opozisyon an di li pat bon. Preval t'ap fè yon eleksyon 21 Me 2000 pou li te mete yon lòt prezidan, opozisyon an di li pat bon.

Aristid t'ap fè eleksyon pou 9 senatè, opozisyon di li pat bon, Preval ap fè eleksyon pou prezidan, opozisyon an di li pat bon, Martelly ap fè eleksyon, opozisyon an di li pa bon.

Ki sa nou vle menm?

Ou pa panse si nou ta fè yon eleksyon pou alfabetize Ayisyen se sa ki tap bon?

Pou ki sa nou te kite Martelly Prezidan?

Gen yon seri de Nèg nan opozisyon an ki pase mòd, yo pa inspire pèsonn konfyans.

Bay peyi a la pè!

Ale nan eleksyon pou nou ka ranplase moun ki pa nan plas yo!

REPLY to this message

Return to Message List