Li Resansman/Numbers 22:21-41; Sistèm pa accept&#233...

Patrick Princivil - May 9 2014, 3:59 PM

Li Resansman/Numbers 22:21-41;

Sistèm pa accepté chaptitre la

Moises Jean need to stop it, he is not stronger than Balaams's donkey
22:20 Jou lannwit sa a, Bondye vin jwenn Balaram, epi li di l' konsa: -Si se chache mesye sa yo vin chache ou, ou mèt leve ale ak yo. Men, se sa mwen di ou fè ase pou ou fè.

22:21 Nan denmen maten, byen bonè, Balaram leve, li sele manman bourik l' a, epi li pati avèk chèf moun Moab yo.

22:22 ¶ Pati Balaram pati, Bondye fache sou li. Se konsa, antan Balaram taprale sou manman bourik l' a, avèk de domestik ki t'ap mache avè l' yo, zanj Seyè a vin kanpe nan mitan wout la pou bare chemen l'.

22:23 Lè manman bourik la wè zanj Seyè a ki te kanpe nan mitan wout la avèk nepe li nan men l', bourik la chankre, li lage kò l' nan jaden.

Balaram bat bourik la jouk li fè l' tounen sou wout la.

22:24 Men zanj Seyè a vin kanpe yon kote wout la te jennen, kote wout la pase nan mitan de jaden rezen avèk yon miray kloti sou chak bò.

22:25 Lè manman bourik la wè zanj Seyè a, l' al fwote kò l' sou miray la. Se konsa li kwense pye Balaram sou miray la. Balaram tanmen bat l' ankò.

22:26 Zanj Seyè a fè yon ti mache ankò, epi l' al kanpe yon kote wout la te pi jennen toujou, kifè pa t' gen yon ti espas menm pou pase ni adwat, ni agoch.

22:27 Lè bourik la wè zanj Seyè a, fwa sa a, li kouche ak tout Balaram sou li. Balaram fache, li tonbe bat bourik la ak gwo baton ki te nan men l' lan.

22:28 Lè sa a, Seyè a bay bourik la lapawòl. Bourik la di Balaram konsa: -Kisa m' fè ou?

Poukisa an twa fwa ou bat mwen konsa:

22:29 Balaram di bourik la konsa: -Se paske w'ap pase m' nan jwèt! Pa pito se te yon manchèt osinon yon nepe ki te nan men m', ou ta gen tan konnen.

Ou mouri lontan!

22:30 Bourik la reponn, li di l': -Eske se pa bourik ou mwen ye! Se pa sou mwen ou toujou moute depi tout tan jouk jòdi a?

Ou janm wè mwen konn aji konsa avè ou?

Balaram reponn: -Non!

22:31 Lè sa a, Seyè a louvri je Balaram, li fè l' wè zanj lan ki te kanpe nan mitan wout la avèk nepe l' nan men l'.

Balaram lage kò l' fas atè.

22:32 Zanj lan di l' konsa: -Poukisa an twa fwa ou bat bourik la konsa?

Se mwen menm ki vin bare chemen ou, paske ou pa t' dwe al fè vwayaj sa a.

22:33 Men bourik ou a te wè m'.

Se poutèt sa, an twa fwa, li te vle chankre.

Men, ou mèt di l' mèsi, paske si li pa t' fè sa, mwen ta gen tan touye ou. Li menm, mwen pa t'ap fè l' anyen.

22:34 Balaram reponn: -Sa m' fè a pa bon, vre! Sèlman, mwen pa t' konnen se ou menm ki te bare wout la devan m'.

Men si koulye a ou pa vle m' al pi lwen, m'ap tou tounen lakay mwen.

22:35 Men, zanj Bondye a di li: -Ou mèt ale ak mesye yo. Sèlman, pa di anyen pase sa m'a di ou di. Se konsa Balaram ale ak chèf Balak te voye bò kote l' yo.

22:36 ¶ Lè Balak vin konnen Balaram t'ap vini, li pati, l' al kontre l' jouk Amoab, yon lavil sou fwontyè bò larivyè Anon an.

22:37 Balak di Balaram konsa: -Ki jan fè mwen voye moun al chache ou, ou pa vin jwenn mwen?

Se konprann ou konprann mwen pa ta ka resevwa ou jan ou merite l' la?

22:38 Balaram reponn: -Apa mwen vini fwa sa a! Men mwen tou pale ou, se pawòl Bondye va mete nan bouch mwen ase m'ap di.

22:39 Se konsa, Balaram ale avèk Balak jouk yo rive lavil Kiriyat-Ousòt.

Related Article:

Haiti - Senator Moise Jean-Charles Confrontation With Police in Leogane

The vehicle of Haiti Senator Moise Jean-Charles was stopped by the police in Gressier, Leogane Haiti, Thursday 8 May 2014, and because of that there...

REPLY to this message

Return to Message List