Mwen ta swete pep la pa janm bliye kote yo te ye, epi kisa...

Mario Philo - January 16 2011, 11:29 PM

Mwen ta swete pep la pa janm bliye kote yo te ye, epi kisa sosyete internasyonal la vle fe. Mwen panse tout Ayisyen gin dwa pou retounen lakay yo depi yo rekonet tout neg brave ki gen san African nan venn yo dwe lib.Pep Ayisyen pa dwe ap domi. Nou se neg lib epi nou pap pran nan manje ranje fromaj gate sa Lafrans ak Meriken vle mete nan ratyea pou nou la anko. Yon lot 1915 pap kabab yon posiblite pou kominote international la. Mwen ta swete pep mwen an kimbe unite yo epi rete vijilan pa janm domi. Jean Claude Duvalier se tout yon nouvo fason pou fe nou yon gounin ak lot; se tout yon lot chimen pou gro ponyet je vet antre pran piyaj.

Mwen ta renmen we tout Ayisyen competan natifnatal yo retounin nan peyi yo;Mwen panse retou Ayisyen ki deyo yo se kapab yon pibon chans pou n soude chenn tetansanm lan anko. Ansyen paran nou yo te sere kole; Thomas Jefferson ak Napoleon te mande anraje yo pat janm vle aksepte nou se Neg Lib....jouk kapresan yon toujou pa janm vle respekte nou konm yon pep ki lib ki renmen lavi ki kont tout injustis.

map di Jean Claude bon retou nan peyi an, li se yon Ayisyen, epi la mande padon ak pep la pou tout sal te fe ki te mal an piblik, konsa na viv nan solidarite respe yon pou lot jan zanzet nou yo te vlel la. Ayiti se pou Ayisyen an nou yonn met tet ak lot pou n kolabore.

Related Article:

Duvalier in Haiti, Chaos at the Caribe Convention Center

There seems to be a lot of commotion in at the Caribe Convention Center as the motorcade carrying former president Jean-Claude Duvalier is scheduled...

REPLY to this message

Return to Message List