Haiti Manifestation - Oganizasyon MOCEDC di li PA enplike nan mouvman Manifestation nan ville Hinche men non l site
Zòrey nou tonbe sou yon deklarasyon piblik k ap envite moun vin manifeste kont bidjè 2017 - 2018 la nan vil Hinche madi 17 oktòb.
Lè y ap site non k ap kolabore pou reyalize manifestasyon sa a, yonn ladan yo sonnen mosèd ki bay yon ton tankou lè n ap pwononse mouvman pa nou an ki tabli nan Plato Santral.
Sa twouble patizan nou ak lòt moun k ap reflechi seryezman.
Sepoutèt sa nou jije nesesè pou nou fè yon deklarasyon piblik nan lide pou nou kwape tout malantandi.
Nan sans sa a, nou di:
1) Lè nou tande yo site mosèd nan lis gwoup k ap òganize manifestasyon 17 oktòb la nan vil Hinche, se pa mouvman pa nou an.
2) Mouvman nou an eple M, O, C, E, D, C. Li vle di: Mouvement des Citoyens et Citoyennes Engagés pour le Développement du Centre (Mouvman sitwayen ak sitwayèn angaje pou devlopman Sant).
Lè n ap pale, li sonnen mosèd.
3) Sou kèlkeswa fòm nan, nou pa enplike nan demach pou mobilize moun pou manifestasyon ki fèt jou sa yo ki pase yo, ni sa ki planifye pou 17 oktòb la nan vil Hinche.
Nou pa di bidjè a se yon bonbon, men li klè ke opozisyon tradisyonèl la kanpe sou bit manti pou kontinye fomante enstabilite ak ensekirite nan Peyi a. Se konsa yo fè bè yo.
Ekperyans nou fè soti 1986 pou rive nan jou sa yo pèmèt pèp Ayisyen grandi an matirite.
Nou konprann ke kraze brize fasil, se konstwi ki difisil.
21èm syèk la egzije nou respè règ jwèt, dyalòg, transparans ak inite nan la diferans.
Se sa k ap banou limyè pou travèse moman fè nwa yo. Nan sans sa a, lidè politik, peyizan, etidyan, pwofesè, ouvriye, antreprenè, pati politik, sosyete sivil, pèp Ayisyen an jeneral, nan tout sikonstans, gade pou nou wè si desizyon nap pran ak aksyon nap poze yo respekte egzijans sa yo (egzijans prensip demokratik yo).
Se sèl jan n ap konnen si nou nan wout pou devlopman tout bon vre.
Nou chwazi limyè nan plas fè nwa pou Plato Santral avanse, pou Ayiti pa fè bak.
Nou se M.O.C.E.D.C!
Viv Ayiti!
Pou 13 komin yo:
Georges Garnier
Budry Coriolan
Ernso Pierre Louis
Jean Sauverne Delva
Elie Jean
Heric Joseph
Edmond Archange
Yorline Étienne
Alland Labranche
Jonès D. Germain
Casinor Casséus
Dinois Rateau
Louimeau Désulmé
Robenson Lainé
Jean Renaud Lauredan
✖️ Share this on X (formerly Twitter)
Direct replies to this message:
Hot Topics
Does Haiti have to impose visas requirement to all...
Does Haiti have to impose visas requirement to all Countries that have imposed visas requirements against Haitians People? Specially U.S. Citizen...
You see how messed up we haytians are? Jovolo's name...
You see how messed up we haytians are? Jovòlò's name is in a suprieurs des comptes kòm gro vòlò and saw him honest This my...
Copy of the extradition treaty between Haiti and the United States
Would like to read the actual extradition treaty that exists between Haiti and the United States?
Some of the extradition treaties...
Kenya minister Alfred Mutua says Kenya will lead a new Haiti peacekeeping mission at the request of Friends of Haiti Group of Nations
Who...
Photo of Haitians seeking refuge at the US Embassy running from gang violence
Photo Stories
Photo of Haitians seeking refuge at the US Embassy running from gang violence
Senator Steven Benoit tweet Criticizing PM Ariel Henry and DG PNH Frantz Elbe for Gang violence in Haiti
Senator Steven Benoit tweet Criticizing PM Ariel Henry and DG PNH Frantz Elbe for Gang violence in Haiti
Jean Victor Geneus, Haiti Minister of Foreign Affairs
Jean Victor Geneus is the foreign minister of Haiti at the time where Haiti has no president and the county is under the administration of Ariel...
Antonio Guterres, UN Secretary-General, holding a press conference in Port-au-Prince Haiti
Here is a photo of Antonio Guterres, Secretary-General of the United Nations, holding a press conference during onf of his visit to Port-au-Prince...
The funeral of Haiti president Jovenel Moise 23 July 2021
Haitian president Jovenel Moise was laid to rest on July 23rd 2021
Audios/ Videos
Haiti journalist Yvenert interview with Eric Stromayer, US Chargé d'Affaires ad interim to Haiti
Watch this bombshell interview of US diplomat Eric Stromeyer by a Haitian journalist Yvener where he asks all the hard questions that many...
AUDIO: Jij Yvickel Dabresil deklare Prezidan Jovenel te prezan nan Ti Bwa jou Koudeta 7 Fevriye 2021 an
Tande AUDIO saa...
Yvickel Dabresil, Jij Kou Siprèm ki akize kòmkwa li te òganize koudeta 07 fevriye 2021 kont prezidan Jovenel Moise la, admèt li...
FLASH! Yo fenk atake kay Andre Michel, boule machin li, kraze tout sa yo jwenn nan kay la
Gade video saa... FLASH! Yo fenk atake kay Andre Michel, boule machin li, kraze tout sa yo jwenn nan kay la
Gade video sa... Jimmy Cherisier Barbecue di li pwal dechouke Ariel Henry ak zam nan primati a
Gade video sa... Jimmy Cherisier Barbecue di li pwal dechouke Ariel Henry ak zam nan primati a
Gade video saa... Yo bare Andre Michel airport , ti valiz li tou nef, lap pati pou Etazini
Take a look at this video, Haitian opposition leader Andre Michel whom people say have never been able to travel because abroad because his US visa...