Map di nou yon bagay byen jodi a! BonDyé map sèvi a...
Map di nou yon bagay byen jodi a !
BonDyé map sèvi a pa chwazim poum mété moun nan détrès, kalkilé sa: dépi 13 Janvyé, 1985 rivé jodi a ki 10 Désanm, 2015; map sèvi yon bonDyé ki yon BonDyé juste, sé swam ta vin pi méchan oswam ta pi jis nan konésans pawòl li. Pandan yon pòsyon moun ap travay pou chè mwen menm map travay poum sové millions é millions moun. Mwen réspékté konésans tout moun, sa kém apran nan lavi, sè ké Pastè pa fèt pou tout moun, Prézidan pa fèt pou tout moun, doktè ak enfimyé pa fèt pou tout: gadé yo nan domèn santé yap fimen sigarèt, pran krak, kokayin ak lòt dròg danjéré ki pwaldétwi yo pi dévan?
Yo men ap bwè ak manjé malpwòpté nan men ougan, manbo ak masonlòj. Sé sèl bonDyé ki ka mété nou nan bon chemen.
Nou tout, nou la poun sèvi, poukisa hing hang sa yo?
An nou kòmansé sou Prézidan ki pi nouvo yo :
Ex - Prézidan: Jean Bertrand Aristide ak Prézidan Réné Préval paka dim ké pandan tout tan yo tap dirijé pouvwa Ayisyen an ké yo pat janm fatigé, yo paka dim ké yo té janm heureux a san pousan nan konsyans yo. Prézidan Martelly pa fouti di ké lap byen mennen épil pa janm fatigé.
Bagay yo sé pou létènèl poukisa yap krazé kò yo konsa?
Poukisa tout jalouzi sa yo?
Nan yon tan ké ti mas pèp la ap: aaaaaaaaaaaaaaaaaaaaam ! Jis koté sa pwalé.
Roi Salomon té di nan liv Sòm ké pagen anyen de nouvo anba solèy la, jis ki lè nap apran apliké konsèy sa yo?
Anpil kandida ta renmen bay sèvis yo nan Palè Ayisyen an, sé trè byen: nou pa Kabrit ki lagé nan savan, men pa bliyé sa: yon plas Prézidan fèt pou yonsèl moun. Lèm té lékòl ka pè Salézyen nan Pétion ville, lè nou - menm élève yo pwal manjé tout moun sété kanpé nan rang ak disipline poun tal manjé, men poukisa yo paka apliké nan léta tou?
Si yon kandida pa monté Prézidan mwen pa wè gen oken pwoblèm poul ta pran pòs Prémyé Minis oswa Sénatè, Oswa Député, oswa Majistra, oswa Kazèk, oswa Asèk oswa yon branche nan la polis.
Poukisa tou goumen sa yo?
Wi pèp Ayisyen anba chèn ésklavaj dépi 200 ans, men pa bon Krétyen yo. Gadé yon vyé aksyon rasis gouvernman Dominiken sot fè ak Zansèt nou yo?
An nou pansé ak sa: Pèp Dominiken tap maché triyé tout moun ki pi nwa yo an Républik Dominiken pou di yo pa Dominiken épi maltrété yo, touyé yo tankou chyen, sak rési rivé Ayiti té tou rivé Ayiti, nou paka konté sa yo té tou touyé nan dézè a. Sa pa fè kandida sa yo mal?
Poukisa nou pa fè yon G 14, 000, 000 (mille) Ayisyen poun lévé défi a?
Kòm mwen di nou sa déja :
Satan ak tout mové zanje yo sé pi bon zanmim aprè bonDyé papam ki nan syèl la ki té kréyé nou an, mwen renmen yo anpil, men mwen pa renmen fason yap maltrété zansèt nou yo.
Li lè, li tan pou simityè yo tounen légliz, li lè li tan pou tout péristil yo transfòmé an Palè bonDyé nan syèl la ; nou pa tap santi nou kontan poun ta wè tout mò méchan ki pat vlé wè bonDyé ak disip yo jwen la Éternel ki pap janm fini an?
Mwen pakon sa gran - mèt la pwal fè ak tout lidém yo.
Révéyé nou mézanmi, nou fè kont éskpéryans ak nèg mawon, papa gédé, st jacques majè, gran brijite, bawon samdi, 3 femmes déjip, èzili dantò, ogou féray, ogou batagi, èzili fréda, kouzen zaka, azaka médé, st antoine, st pierre, st mari, dosou marasa, ti kita pyé chèche, dambala wèdo, bouda etc.
Fò nou wè klè ké nou paka konparé Éspri sa yo ak Jézi de Nazarèt, sa nap tan poun pran anbasad poun sèvi bonDyé?
Nou pa fè anyen ki bon devan zyé bonDyé pou lap tan nou, li jis renmen nou lap tan nou. Jété pakèt malpwòpté yo épi rémèt Éspri nou nan men bonDyé nan syèl la poul ka fin akonpli misyon an.
Mwen déja di nou ké Satan ak mové Zanje yo pa anyen, sé lè pou tanp masonlòj ak tanp vodou, bizango, sanpwèl etc. tounen légliz.
Related Article:
Haiti Elections - Aristide did Moise Jean Charles WRONG, Guy Philippe says
Haiti Elections Update --- Former President Jean Bertrand Aristide is the main reason Moise Jean Charles lost in the Presidential Elections, Guy...