KONTNITÉ, si sé klas pòv la kap mandé

Related Article
Highlighting Haiti Presidential Elections: Will You Vote CHANGE or CONTINUITY, KONTNITÉ,
si sé klas pòv la kap mandé chanjeman an map konpran sa paské yo nan grangou, menm si nou gen aksè poun témwanyé ké Prézidan Martelly fè anpil bon bagay nan péyi d'Haiti, men map di nou yon bagay!
Kounyé a nou pa gen problèm Prézidan, nou gen problem tèt ansanm nou genyen Prézidan kounyé a. Mwen ta swété pou tout kandida sa yo fè yon sèl kò ak Prézidan Martelly pou ranjé péyi a, mwen menm nan diaspora a mwen pa inbésil mwen konnen kijan péyi d'Haiti té yé sou tan François Duvalier ak Jean Claude Duvalier, gen kèk ville nan péyi d'Haiti té kon sal anpil kòm, Kwa Bosal, Lasaline avèk kèk lòt koté etc. men mwen paka di ké yo té parésé; yo té fè sa yo kapab antèm yon péyi ki pagen gro téknoloji sa ké nap wè aux États - Unis, Canada, la France, la Chine etc. an nou mété zèv bonDyé ak Satan apa: tout lòt péyi dévlopé yo gen menm chwa sa a pou yo sèvi bonDyé ou pa sèvi bonDyé, apa yap dévlopé?
An nou sispan di ké Gouvernman Américain ki pa vlé nou avansé, sé problèm konésans ak égoyis kap krazé dèyè nou.
Sam vin ap apran ké pandan ké nap di ké grand puisans ki pa vlé nou avansé a yo gen pakèt robo kap rabouré tè a, lè manjé yo paré sé pa ti pòv malé ak malérèz kap fè dwèt yo fè yo mal nan kalé pistache, maïs, pwa etc. traktè yo jis raché manjé yo épi yo lagé yo nan lòt machine épi gren pasé yon bò épi pay pasé yon lòt bò ; tomates menm jan, kèlké swa manjé a yo gen machine robo pou fè sèvil sa yo. Mésyé scientifik yo menm témwanyé ké cheval ak bèf ki té kon ap rabouré tè a patou nan gran péyi dévlopé yo vin parésé, sa vlé di sé konsa yo té kòmansé nèg yo di ké chéval sa yo ak bèf sa yo vin parésé paské yo pagen anyen yap fè sé robo yo kap fè tout gro travay di yo, pèp Haitien révéyé nou.
Sé pa yon késyon de sousé péyi, sé pa yonkétyon de tounen sansi pou sousé sang maléré chak 5 ans, al chita nan yon ti kwen manjé lajan an san fè anyen avèk yo pou jistan sé bank nan péyi étranjé kap jwi privilege yo sou do pòv yo. Moun riche yo ap pasé lajan yo nan sòlèy, sant poule yo, kodèn yo, kabrit yo, mouton, bèf yo, pwason pròp yo (Lévitik 11) ap pété nen nou tandiské maléré paka menm jwen kaka bèt yo pou yo manjé.
An nou bliyé afè tranbléman de tè ak siklòn, poukisa pagay yo pat dégangolé sou François Duvalier ak Jean Claude Duvalier?
Malgré tout méchansté gro méchan yo tap fè nan péyi a; tranbléman de tè ki té pasé 12 janvié 2010 la ak siklòn yo, bagay sa yoté kòmansé dépi aprè 7 Février, 1986 sou yon lòt fòm. Moun mouri nan lari yo pa ranmasé yo, kaka, nan lari, chien, mouri, moun ap tonbé nan tou régo, pyé moun ap kasé nan menm travay Gouvernman Haitien ap fè, fil kouran EDH mal pasé ap touyé moun, moun mouri zafè yo: yo pa mandé fanmi sa yo sa yo gen pou van, kochon, bourik, bèf, kabrit etc. pran lari tankou sé nan dézè ké yap maché, kaka bèt, po kan, po jina, asyèt katon nan tout lari, pagen koté poun jété yo, pagen moun pou ranmasé yo, tout fè pati tranbléman de tè ak siklòn. Kòm Michelle Obama di nou sé tèt ansanm pou genyen.
Men Gouvernman Dominicain ap fin manjé pèp Haitien nan sakrifis, ti 300, 000 yap voyé tounen yo sé sa yo bouké avèk yo, bonDyé mété yon so sou yo pétèt li ka wè ké yap vin sèvil pi dévan si sé pat sa Gouvernman Dominicain tap kwit tout mété nan bwat, voyé al van bay pèp Haitien an Haiti e patou nan monde lan, yo tap manjé tout, ouvè zyé nou; pandan nap akizé Munistah antèm sé yo menm ki poté koléra nan péyi d'Haiti épi Gouvernman vwazen nou yo ap anpwazoné gro pwason lagé nan do tout Mirbalais voyé bay klas pòv nan fè ékspérians nou paka menm wè sa, bagay yo pa menm éséyé sou bèt yo tésté yo sou nou, révéyé nou.
Jézi ap vini tandé!
Lèl parèt ak kouto digo li nan men li poul séklé méchan yo ki koté yo pwal kaché pou Jézi pa jwen yo?
Constitution té krazé e réfèt an 1986, sa constitution té kon fè pou nou?
Constitution té do krazé e rékrazé sou Gouvernman Martelly a, o kontrè sé pou konstitityon kontinyé krazé poul fè pi piti 15 ans li pa parésé paské sak té la avan yo pat kanpé sou anyen, nèg ap vin plenyen chanjeman Prézidan paské yo égoyis e yo bézwen al fini ak ti rès pèp la, si yo té gen konsyans sé yon ti gato pou yo ta kité nan men Prézidan Martelly ak tout pati tèt kalé a pou pi piti 15 ans.
Si Gouvernman Américain ak Canadien etc. ka sipòté yon gran chèf pou pi piti 15 ans nou ka fèl tou, mwen ta swété tout sansi yo al chita nan kwen, mésyé sa a kòmansé ranjé péyi a nou pap ka aksépté boulè kaochou vin tòchonnen li ankò, san pa sa sé nou menm diaspora kap débaké ak gro zam fan fwa pou al mété lòd nan dézòd; fwa sa a sé pap ni Américain, ni Munistah, sé nou menm pitit tè a. Gouvernman Dominicain rélé Haitien ilétré: wi sé vré, gadé kijan nou maltré pròp péyi nou, gadé éta klas pòv la, men sé pa nou tout diaspora mété ak Haitienan Haiti ki konsa an nou mété tèt ansanm poun ranjé péyi nou, O O.
Related Article:
Haiti Presidential Elections : Will You Vote CHANGE or CONTINUITY?
QUESTION: My fellow Haitians, soon it will be time to vote for the next president of Haiti... Will you vote for CHANGE or CONTINUITY? Do you think...
✖️ Share this on X (formerly Twitter)
Direct replies to this message:
Comments
Reply
Reply
Reply
Reply
Reply
Reply
Reply
Reply
Reply
Reply
Hot Topics
Zanmim, bon travay e bon kouraj, kenbe la pa lage...
Zanmim, bon travay e bon kouraj, kenbe la pa lage. Nou sonje lè m te kòmanse pataje opinyonm sou rezo a konsènan sou rejim...
Photo of Haitians seeking refuge at the US Embassy running from gang violence
Iven though almost Hatians new the answer, but...
Iven though almost Hatians new the answer, but Unfortunately you didn't share the answer received from the US Diplomat with us.
Revolution Revolution The Haiti system of governance must be done with
January 31, 2024, Haitians are in full revolution mode in the streets of Port-au-Prince, a protest sigh reads: Revolution Revolution The Haiti...
Who are the Friends of Haiti Group of Nations?
"At the request of Friends of Haiti Group of Nations, Kenya has accepted to positively consider leading a Multi-National Force to Haiti." This is...
Photo Stories
Photo of Haitians seeking refuge at the US Embassy running from gang violence
The year is 2015 - Candidate for president Jovenel Moise campaigning with Candidate for Senator Guy Philippe
Then Presidential candidate Jovenel Moise (PHTK) during an electoral campaign with Guy Philippe, candidate for Senator of Grand Anse (Consortium).
Haitians demand Justice for president Jovenel Moise
It's July 7th, the anniversary date of the assassination of the Haitian president. People are in the street with the signs demanding Justice for...
Antonio Guterres, UN Secretary-General, holding a press conference in Port-au-Prince Haiti
Here is a photo of Antonio Guterres, Secretary-General of the United Nations, holding a press conference during onf of his visit to Port-au-Prince...
The funeral of Haiti president Jovenel Moise 23 July 2021
Haitian president Jovenel Moise was laid to rest on July 23rd 2021
Audios/ Videos
Haiti journalist Yvenert interview with Eric Stromayer, US Chargé d'Affaires ad interim to Haiti
Watch this bombshell interview of US diplomat Eric Stromeyer by a Haitian journalist Yvener where he asks all the hard questions that many...
AUDIO: Jij Yvickel Dabresil deklare Prezidan Jovenel te prezan nan Ti Bwa jou Koudeta 7 Fevriye 2021 an
Tande AUDIO saa...
Yvickel Dabresil, Jij Kou Siprèm ki akize kòmkwa li te òganize koudeta 07 fevriye 2021 kont prezidan Jovenel Moise la, admèt li...
FLASH! Yo fenk atake kay Andre Michel, boule machin li, kraze tout sa yo jwenn nan kay la
Gade video saa... FLASH! Yo fenk atake kay Andre Michel, boule machin li, kraze tout sa yo jwenn nan kay la
Gade video sa... Jimmy Cherisier Barbecue di li pwal dechouke Ariel Henry ak zam nan primati a
Gade video sa... Jimmy Cherisier Barbecue di li pwal dechouke Ariel Henry ak zam nan primati a
Gade video saa... Yo bare Andre Michel airport , ti valiz li tou nef, lap pati pou Etazini
Take a look at this video, Haitian opposition leader Andre Michel whom people say have never been able to travel because abroad because his US visa...