Mwen panse jounalis la fe travay li kom sa dwe fet.kandida

Click to Read
Related Article
Sergo Jean - September 11 2010, 7:47 PM

Following up on Sweet Micky Answers Questions About His Image - Can He Be President, mwen panse jounalis la fe travay li kom sa dwe fet. kandida Micky pat panse loske li te jenn, pat janm panse pou futu .kesyon sa yo vinn anbarasan pou li, e li pedu metriz an tan ke mounn ki pe tet ka vinn chef leta.pou mwen yon mounn konsa vinn chef deta jounalis ap gen anpil problem e peyi ya ka tonbe nan move men.li bay tet li kane devan jounalis la pandan ke CEP ba l feve.mwen swete jounalis yo kontinye fe jan de travay sa yo, avek tout kandida yo pose kessyon sou pase yo, sa yo te konn fe, sa yo konndi sou lot mounn, fe yo bay rezon yo e sa pral pemet peyi a debouche sou mounn ki onet e malonet yo.Si tout jounalis Haiti fe travay sa mwen banou garanti nou ap demaske tout vagabon ki degize pou yo ka vinn vole.mwen ta renmen jounalis sa ki fe inteviou sa avek Micky fe li avek Alexis mande li pou kisa palman te voye li ale loske li te premye minis?e pou kisa nan prmye manda li avek Preval pouki sa li te achte yon kay bay Preval avek lajan peyi ya pandan ke duran 5 ane manda li ya peyi peye li chak mwa?epi pou kisa Jean Dominique pa Janm jwen justis avek tout lot mounn ki mouri sou tan rejim gouveneman li ya?

e ki es mounn ki te tire sou se prezidan preval la?

e Kote Aristide li te promet pou mennen tounen yan nan deziem manda li a avek preval, antan ke Ayisyen mwen bezwen yon repons sou sa.lot kandida se Yvon Neptune ki te pot parol Fanmi Lavalas, ki rezon li pa nan pati ya anko, sa ki pase?ki rezon ki fe li te nan prizon?si gen neg ki kondane Miami FL. deske yo te nan frod nan teleco sou gouveneman li yan ki es ki te aprouve pou yo cache lajan sa yo nan bank etranje pou ARISTIDE ?lajan Taiwan te bay pou rout epot lajan te disparet la epi repons li se te prezidan Aristide te prete Peyi 10 milyon dola li pran kob li, eske li ka di nou ki kote Aristide te jwen kob sa paske se pret li teye, le mwen konnen se yon mounn ki te achete yon kay ba li?epi mande li konbyen kob yon prezidan touche an Haiti?masak Vil Saint -Marc te odone pa ki mounn sou gouveneman ou wa?kandida Celestin ki rezon li acepte de prezidan Preval 60 milyon dola san pase devan paleman Ayisyen pou CNE, pandan ke le yon gro kob konsa dwe jwen vot palman?epi 12 Janvye apre tranble man ter li jete mounn yo titanyen konsa san li pa mete o mwen nan yon sache plastik?mwen gen anpil kesyon pou yo monche jounalis kontinye fe sa ou ka fe. prochen fwa di MICKY pou kisa li ap bwe avek prezidan Preval men li pa janm di li lap desann pantalon li devan kominote internasyonal la?Mwen konnen tout Prezidan ki pase yo konn avek li sof Aristide men li pa janm di yo anyen?yo panse nou tout sot yo gen lespri?an kontinye fe travay la pou demaske neg Maron sa yo, kap vinn blofe pep Ayisyen yan.Li pale de WYCLEF di li nou pawe kote li desann pantalon ni devan publik sof li leve drapo HAITI tout kote li pase.mwen kwe se yon ocazyon peyi a tap jwenn avek li, si CEP te acepte li pami pil vagon sa yo.nou tap jwen yon mounn ki fe vi li aletranje san li pa chanje nasyonalite li ki panse e reusi pami gro peyi ki gen nan le mond. konesans sa ta pral bay jenn yo nan peyi a espwa pou demen.pil neg sa yo ki pa janm reusi nan anyen menm pati politik yo ye, yo pa ka kenbe mounn yo andann sof divizyon e kreyasyon de lot pati ke tout rele demokrat

Related Article:

Sweet Micky Answers Questions About His Image - Can He Be President?

Haitian Presidential candidate Michel Martelly answers the tough question about being Sweet Micky, he who pulls down his pants on stage, can that...

REPLY to this message

Direct replies to this message:

pe et Michel Martelli pat konpren sa li tap fe yo. Li...

Return to Message List

Comments

@Maurice Petit Homme September 11 2010
Micky is not presentable for Haiti. Micky would be like serving a very important foreign guest in your house with a dirty plate, and the guess will...
Reply

@Marcy Paul September 11 2010
As a kid growing up in New York City, I hated going to church. I went to "Sweet Micky"'s party once in Queens, NY and I said, never again. That was...
Reply

i think wat he said is good when he talk about haitian children have been in dirty water for d past 22 years but wat pass is pass now i think he can...
Reply

@Sergo Jean September 11 2010
mwen panse jounalis la fe travay li kom sa dwe fet.kandida Micky pat panse loske li te jenn,pat janm panse pou futu.kesyon sa yo vinn anbarasan pou...
Reply

@Maurice Petit Homme September 11 2010
I like your statemen here about sweet micky He wants to be heard, but do not want to listen to anybody.
Reply

@Marcy Paul September 11 2010
pe et Michel Martelli pat konpren sa li tap fe yo. Li pat we ke yon jou li ta ka presiden. Martelli pat pense a futur. Se yon moun konsa KE ou ta...
Reply

@Sergo Jean September 11 2010
mwen panse ou ta bezwen al re li sa mwen di yo pou ka konprann sa mwen di yo.pou ta we si mwen supote Micky ou si mwen mwen di jounalis la fe move...
Reply

"presentable" what do you mean? Do you know his background? Do you have his curriculum vitae? I respect others' opinions, and that is where I differ...
Reply

@Mamoune Laplante September 12 2010
I wonder why Micky was saying that "this is not about Wyclef, It is about Haiti" I truly believe that Micky knows that we all know by now he has...
Reply

@Maurice Petit Homme September 12 2010
What I meant by Micky not "Presentable" is that he does not have the features of a President to represent a country. like charismatic, calmness...
Reply

Showing 11 - 20 of 49 comments | View More Comments »

Page 2 of 5 • Message 11 - 20 of 49 « First  ‹ Prev  1 2 3 4 5  Next ›  Last »