Michele J. Sison

Mesye O! Gade kijan yo resevwa Anbasadè Americain an nan fèt 18 Mai Arcahaie

Mesye O! Gade kijan yo resevwa Anbasadè Americain an nan fèt 18 Mai Arcahaie

Gade Gade... Gade kijan yo resevwa Anbasadè Americain Michele J. Sison nan fèt 18 Mai 2018 la nan Archahaie...

Si m pa manti, sa se photo Corps Diplomatique la!

Ou ka wè nan figi madame Abasadè a ke li pa konfòtab sou chèz fè sa li chita sou li a. Jan Te-Deum long mezanmi!

Mon Pè sou chèz boure, president, premiere dame, premye minis tout sou chez boure, bouda yo dous, epi Ambasadè americain ak tout lot blan parèy li yo ap peze venn deye yo sou yon vye chèz jounnen fèt drapo Haitien an!

Wololoy!

Gen yon neg menm k ap baye dè do madanm lan!

2 mesye blan ki devan yo, kè yo pa kontan ditou. kiyes yo ye?

Sa ki pi anraje a, se Ministere de la Communication ki poste photo saa sou Internet la. Nou anraje mesye!

Kèt!!!

Permalink | Comments