Monchè onètman se pa sa ki entèrese nan men...

A Raphael - October 18 2021, 7:44 PM

Monchè onètman se pa sa ki entèrese nan men premyè Dam nan Kesyon fè diskou nan okazyon 17 oktõb ki se dat ki make lanmõ papa nasyon an Jean-Jacques Dessalines pou fè parallèle de 2 asasina sa yo.Pou mwen se politik tèt anba k ap fèt pou eseye manipile moun pou fè lõt bagay san anyen kõm demach ki vize pou jwenn jistis pou prezidan ki asasine an.

Paralèl ant papa nasyon an ak Jean-Jacques Dessalines ak prezidan an san sans.Moun yo pa janm menm moun. Se vre prezidan Moïse anpil nan sa yo l te konn di yo te enpõtan pou mas lan te ka konnen.

Se vre anpil nan pwojè l yo t ap ede peyi an, tankou pwojè elektrisite an, pwojè konstwiksyon wout ki t ap sou kontwol leta a nan installé izin asfalt nan anpil kote nan peyi an, elatriye.Men fõk nou pa bay tèt nou manti sa pa fè l Desalines pou sa.

Sa ki entèrese m pou premyè Dam nan di pou peyi an kõm li menm ak prezidan Souvan toujou menm kote, ki jan de menas prezidan an te konn ap resevwa nan tel swa nan yon semèn avan ou kèk jou avan 6 7 8 jwiyè?

Lè asasen yo rive antre andedan an ki sa ki fèt, eske se annik antre pran prezidan sakrifye l, libyen de gen kèk diskisyon ant yo menm ak prezidan an avan?

Lè prezidan an santi l an danje, kilès li rele?Ki sa yo reponn prezidan an?

Eske asasen yo atake li menm ak prezidan an ansanm?

Eske li menm yo pa te volonté pou touye l?

Oubyen kijan l fè li li echape a lanmõ an epi prezidan an li menm li mouri?

Eske pa te janm gen yon moun ki te janm souffle prezidan an gen yon operasyon konsa kap planifie kont li?

Se plis sa ki entèrese peyi an.

Jistis pou prezidan Jovenel Moïse pa dwe sèvi kõm enstriman politik.Peyi an byen vle konnen klè kijan prezidan an asasine.

Related Article:

Transcript : Oct 17 2021 - Martine Moise makes it clear, Jean-Jacques Dessalines and Jovenel Moise died for the same cause, by the same people

Martine Moise's speech about Jean-Jacques Dessalines felt as though she was talking about her own assassinated President husband Jovenel Moise...

REPLY to this message

Return to Message List