Haiti Manifestation - Oganizasyon MOCEDC di li PA enplike nan mouvman Manifestation nan ville Hinche men non l site

Mocedc Centre Haiti - October 15 2017, 9:26 PM

Zòrey nou tonbe sou yon deklarasyon piblik k ap envite moun vin manifeste kont bidjè 2017 - 2018 la nan vil Hinche madi 17 oktòb.

Lè y ap site non k ap kolabore pou reyalize manifestasyon sa a, yonn ladan yo sonnen mosèd ki bay yon ton tankou lè n ap pwononse mouvman pa nou an ki tabli nan Plato Santral.

Sa twouble patizan nou ak lòt moun k ap reflechi seryezman.

Sepoutèt sa nou jije nesesè pou nou fè yon deklarasyon piblik nan lide pou nou kwape tout malantandi.

Nan sans sa a, nou di:

1) Lè nou tande yo site mosèd nan lis gwoup k ap òganize manifestasyon 17 oktòb la nan vil Hinche, se pa mouvman pa nou an.

2) Mouvman nou an eple M, O, C, E, D, C. Li vle di: Mouvement des Citoyens et Citoyennes Engagés pour le Développement du Centre (Mouvman sitwayen ak sitwayèn angaje pou devlopman Sant).

Lè n ap pale, li sonnen mosèd.

3) Sou kèlkeswa fòm nan, nou pa enplike nan demach pou mobilize moun pou manifestasyon ki fèt jou sa yo ki pase yo, ni sa ki planifye pou 17 oktòb la nan vil Hinche.

Nou pa di bidjè a se yon bonbon, men li klè ke opozisyon tradisyonèl la kanpe sou bit manti pou kontinye fomante enstabilite ak ensekirite nan Peyi a. Se konsa yo fè bè yo.

Ekperyans nou fè soti 1986 pou rive nan jou sa yo pèmèt pèp Ayisyen grandi an matirite.

Nou konprann ke kraze brize fasil, se konstwi ki difisil.

21èm syèk la egzije nou respè règ jwèt, dyalòg, transparans ak inite nan la diferans.

Se sa k ap banou limyè pou travèse moman fè nwa yo. Nan sans sa a, lidè politik, peyizan, etidyan, pwofesè, ouvriye, antreprenè, pati politik, sosyete sivil, pèp Ayisyen an jeneral, nan tout sikonstans, gade pou nou wè si desizyon nap pran ak aksyon nap poze yo respekte egzijans sa yo (egzijans prensip demokratik yo).

Se sèl jan n ap konnen si nou nan wout pou devlopman tout bon vre.

Nou chwazi limyè nan plas fè nwa pou Plato Santral avanse, pou Ayiti pa fè bak.

Nou se M.O.C.E.D.C!

Viv Ayiti!

Pou 13 komin yo:
Georges Garnier
Budry Coriolan
Ernso Pierre Louis
Jean Sauverne Delva
Elie Jean
Heric Joseph
Edmond Archange
Yorline Étienne
Alland Labranche
Jonès D. Germain
Casinor Casséus
Dinois Rateau
Louimeau Désulmé
Robenson Lainé
Jean Renaud Lauredan

REPLY to this message

Return to Message List