Dezisyon fèm Prezidan Jovenel pran kont gwoup blackout la ede tout moun konstate jodia pouki rezon Laurent Lamothe te oblije demisyone kòm premye minis

Cyrus Sibert - October 12 2017, 6:01 PM

#Haiti: Previzyon'm te di'm, menm an pati, Jovenel Moise t'ap fini pa pran menm wout ak Laurent Lamothe.-

Dezisyon fèm Prezidan Jovenel pran kont gwoup blackout la ede tout moun konstate jodia pouki rezon Laurent Lamothe te oblije demisyone kòm premye minis.

Gwoup blackout la te finanse gwo mouvman kont Lamothe paske Premye minis la te vle renegosye kontra kouran an, apre li fin pwomèt kouran 24 sou 24.

Malerezaman li pat jwen sipò pou goumen ak yo. Laprès t'ap dekouraje'l, loumpen politik t'ap fè bri nan radyo epi fè vyolans nan lari. Tout moun konnen koman kanibal nan pouvwa TET-KALE a te ap sipòte mouvman anti-Lamothe la.

Nou bat gwo bravo pou prezidan Jovenel ki kanpe djanm sou desizyon li.

Don Kato, Moise Jean Charles, Fanmi Lavalas ak lòt lidè nan opozisyon ta dwe wont vye djòb sal y'ap fè nan enterè gwoup blackout la.

Mwen te toujou di ke ajan kòwipsyon yo ki vle fè lajan nan piye kès leta t'ap kontre ak yon moun ki kanpe kont yo menmjan ak Lamothe.

Paske okenn moun pap janm ka reyalize anyen nan yon peyi pòv tankou Ayiti si li pa boulvèsè sistèm l'an.

Yo kwaze ak zo dan grann yo! Mwen swete prezidan Jovenel ale plis an pwofondè pou koze lit kont kòripsyon tounen yon reyalite.

Pou'm fini, m'ap poze kèk kesyon: Kote laprès aysyèn te ye ki fè kontra Blackout la pa't janm denonse?

Poukisa jounalis aysyen ki renmen pale de lajan PetroCaribe pa jan'm pale de pi'l kòb PetroCaribe sektè blackout la ap vale. Pi fò lajan PetroCaribe pase nan peye gwoup blackout.

Bagay sa yo pa jann pale. Se lise Petyon, mache Fontamara, Waf Jeremi w tande chak jou nan laprès kòmkwa se sèl pwojè Lamothe te fè pou pèp la nan katye popilè yo ki depans PetroCaribe.

Kriminèl yo rele sa gaspiyaj, pandan yo nan lari ap defann kontra blackout la.

Senatè yo pa te janm pale de kontra blackout la. Konsa tou yo fè silans sou tout kontra ki konsènè gwo konpayi dominiken.

Ipokrizi !

Gen yon gwo konplo nan peyi sa pou yo detri tout moun ki vle sa chanje.

Sa ki revolte moun ki gen konsyans ak enfòmasyon yo, "Se Vòlò k'ap rele bare vòlò." Yon vòlò kapab ap pran 150 mil dola meriken chak mwa nan ONA, pandan l'ap fè bri nan Radyo di l'ap konbat kòwipsyon.

Bon, kisa ti pèp la pral jwen lè yon sèl moun ki deja gen anpil lajan leta pou'l sèvi ap mache brote gwo kòb sa yo nan tout bwat leta?

Menm vòlò sa ap fè trafik enfliyans, chaje kontra sekirite nan tout biwo leta san apèl dòf pandan l'ap akize moun ki fè pwojè pou pèp de kòwipsyon epi di yo pa't fè apèl dòf.

Me nan ki eta peyi-a ye. Yo pran pèp la pou enbesil.

Yo antann yo ak yon seri radyo pou bay pèp la manti.

AlaPay!

@CyrusSibert /// @ReseauCitadelle /// WhatsApp: 509-3686-9669

REPLY to this message

Return to Message List