Ti Konsey Majorite Silencieuse la pou Sila yo Kap Brase Zafe Peyi a.

Neglakay - December 4 2016, 3:00 AM

Avek selman 21% moun ki vote nan eleksyon 2016 yo, nenpot kandida ki rive sou pouvwa a dwe panse anpil a rezon ki pote res 79% peyi a pa patisipe, kontreman a jan sa te konn pase anvan eleksyon 2010 yo.
Sou plis pase 5 milyon Ayisyen ki gen kat pou vote, se environ 1 milyon ki vote e Jovenel Moise, malgre 55% vwa KEP a di li genyen an, reprezante selman 1/2 milyon vwa nan yon peyi ki gen 5 milyon moun ki ka vote nan yon popilasyon ki gen plis pase 11 milyon moun an total.

Sa vle di Majorite Silencieuse la kanpe lap gade, lap swiv, lap sibi move tretman nan men manifestan dezodone tankou move dirijan san li pa reyaji.

Sila yo kap bat lestomak yo di ke yo genyen eleksyon yo ak yon 1/2 kout kle dwe panse a 79% pitit peyi a ki pat nan pouse machin nan. Sila yo kap kraze brize nan lari a komkwadire yo vole vwa yo, dwe panse a 79% res peyi a ki pap ede yo nan mete dife nan peyi a.

REPLY to this message

Return to Message List