Bonsoir zanmim yo! Bonsoir tout énmim yo! Ébyen...

Patrickprincivil - September 10 2016, 11:07 PM

Bonsoir zanmim yo! Bonsoir tout énmim yo!

Ébyen kòm mwen té di nou kém tap rantré an Ayiti, men ki rad ki tap sou mwen poum té idantifyém dévan zanmim yo ak énmim yo 28 août, 2016 la; sé konsam té alé an Ayiti, épi sé konsam té rétounen o Canada le 8 Septanm, 2016 la; san oken malè ak aksidan pat rivém, koté chofè moto yo té fè yon pakèt s avèk mwen nan tout lari port au prince dévan yon pakèt gwo kamyon, épi bonDyé pat kité yo monté sou fyèl mwen ak chofè yo, mwen di bondyé mèsi pou sa; koté wout nèf Mirbalais - Lascahobas la manjé yon pakèt moun sou moto prèské chak jou: bonDyé kitém anvi anfas aksidan sa yo, mwen dil mèsi pou sa.

An nou fè yon ralé sou zafè éléksyon kap déwoulé a!

Mwen pa satisfè de pèp Ayisyen an, yo poko konpran sa kap pasé la a.

Gadé yo al sipòté vyé Jude Céléstin jiskaské poul rivé monté a 27% épi pou Jovenel Moise monté sèlman a 40%

Mwen vrèman pa satisfè, vyé kandida sa yo pat sipozé gen menm 1% moun dèyè yo. Kòm sé yon sinp sondaj.

Opinyon pa mwen!

Moun ki pa voté pou Jovenel Moise yo sé ka moun ki an alfabèt ké rès 53 kandida yo apran voté pou yo.

Mwen oblijé di sa paské: Jovenel Moise sé yon antréprénè, ki gen valè nan jaden bannan nan, an prinsip li té do déja monté a 95% kòm pi piti. Sé sèlman 5% ki pou ta dwé patajé ak rès 53 kandida yo.

Salopri yo di pèp la ké yo pwal fè sési, yo pwal fè sé laba paské sé vòlè yo yé.

Yo konpran ké douane yo ap toujou mal maché pour l'éternité; yo toujou mété nan tèt yo ké yap toujou jwen lib aksè pou yo vòlè konténè dyaspora ak machine dyaspora nan douane yo, sa gen poul fini.

Zafè pou EDH ap fè ti bagay mésken: pran ti 5 goude anba tab nan men pèp la, zafè pou EDH ap bloké pèp la pou yo pa péyé léta kouran paské yap pran ti 10 goude anba tab nan men pèp la pou kouran; maché vòlè ti bout fil kouran nan tout rakwen péyi Dayiti pou yal van nan maché croix-bosal, sé pou sa chanjé.

Sispan voté pou kokorat.

Mwen sézi poum wè 53 voryen pèmèt yo, swadizan yo alé nan éléksyon ak Jovenel Moise, san ké Jovenel Moise pa menm nan konpétisyon ak pèson. Yo ak pla men yo, épi yap di pèp ké yo pwal fè sési yo pwal fè sé laba pou pèp. Genlè sé prostitisyon yo pwal fè ak lòt péyi yo fè sa yap di yo.

Konsèy ké mwen bay pèp la: sé voté Jovenel Moise.

Prèské tout jèn ki fini lékòl yo an Ayiti, rèv yo sé jwen yon $200 Amériken pou yal dèyè viza pou yal Chili oswa Brézil plis biyè davyon yo pou yal planté zonyon, tomate etc. nan péyi Chili ak Brézil, jis pou $200 ayisyen pa mwa; mwen dakò avèk yo paské gouvernman Ayisyen an pa kanpé sou anyen.

53 candida sa yo sé san wont yo yé, sé sak fè yo pwal nan éléksyon ak Jovel Moise.

Related Article:

Haiti Elections - New BRIDES Poll places Jovenel Moise on Top with 41 percent

Haiti Elections Update -- PHTK Candidate for president Jovenel Moise is more popular than ever according to a new BRIDES poll which places him on...

REPLY to this message

Return to Message List