Palman an se pi gwo pwoblem peyi dayiti

Neglakay - August 11 2016, 9:39 AM

Se avek anpil endignasyon Ayisyen konsekan konstate ke Palman an se pi gwo pwoblem peyi dayiti.

Devan konpotman malpouwont pifo palmante yo adopte nan jesyon peyi a, demokrat konsekan mande eske l pa tan pou pep souvren pran gwo desizyon pou kraze palman an?

Twop lajan peyi a ap depanse pou pran swen palmante malfrendeng ki pa itil peyi a anyen.

Yo pa reyini pou deside sou manda Privert, direkte polis la, avek lot enpotan dosye men yo pa gen pwoblem jwenn kowom pou bay dechaj a malfrendeng parey yo pou yo ka ale nan eleksyon ou byen fe bri sapat le KEP a vle mete mal eli yo deyo.

Abraham di setase.

Pep souvren dwe kraze palman an menm jan sa te fet pou lame a ki te kwe yo te toupwisan nan peyi a.

REPLY to this message

Return to Message List