Rété la! Mwen dakò ak sa ex- sénatè a...

Patrick Princivil - July 14 2016, 10:22 AM

Rété la!

Mwen dakò ak sa ex- sénatè a di a, men sonjé sa:
dépi 1804 rivé jiska 2016 la; pou sé kounyé ya gouvernman Ayisyen an rési posédé machine pou jéré éléksyon nan péyi a, Ayiti sa a pa tap yon péyi menm; sé pou sak fè tout vòlè yo gen tan krazé péyi Dayiti byen mal konsa a.

Ex-sénatè a pa bézwen douté de machine yo, sé jis machine ki konpozé avèk bout fè, mété ak lojisyèl ki ran bagay yo démaré pi rapid, é pi fasil.

Sé noumenm ki dwé gen bon édikasyon pou jéré péyi a; pou kisa tout grand puisans yo pa plenyen de machine yo aprè éléksyon yo tou?

Sé pa machine yo ki vòlè a, késyon an: nan men kiyès machine sa yo pwal yé?

nou ka aksépté sèvis machine yo ap bay la, paské machine yo pagen sèvo, ni kè, ni bouche etc. sé jis robo. Vòlè kap pwogramé yo a poun véyé.

Gadé kòman sansi yo ap sousé sang moun nan kazino yo, loto yo, loteri yo, bòlèt yo; gadé tout abu vòlè sou plas publik yo ap fè moun ak la roulèt, léwouj, piké kolé etc. chef déta yo pa janm di anyen, paské sé la yo fè lajan yo ak rélasyon ak chat mawon.

Rété tèt frèt, ané sa a si nou ka wè gouvernman Amériken an (Sodom) ka jété sèvyèt pou yo pa sipòté éléksyon an ak lajan yo ané sa a, sé paské piyay la fini.

Sèvitè Jézi a nan jwèt la ané sa a. Pagen wout pa bwa pou Sodom, sé sak fè yo ralé kò yo dèyè.

An nou pa blamé machine yo; yo pagen konésans, ni pou yo vòlè, ni pou yo fè koken, ni pou yo fè magouy, sé nou ki pou mété lòd nan lavi nou.

Si nou pat sansi ak égoyis sa pa tap rivé la.
Magouy la té fèt: konfli a sé té ant Moise Jean Charles, Jude Céléstin, Marise Narcisse, pè éternèl (nèg loto a), ak Jovenel Moise.

Sa nou ta ankourajé Prézidan fè?

Si nou pat égoyis nou tap mandé prézidan Privert poul voyé sèlman 5 kandida nan dézyèm tour éléksyon an. Menm sa ki konnen yo pat pasé yo al kontinyé pèdi tan yo ankò; sé kòb tout 54 kandida yo pa genyen ki fè sé sèlman 27 kandida ki pwal nan dézyèm tour éléksyon an.

Opinyonm sou dosyé sa a:

$ 55, 000, 000: 00 ( sinkant sink milyon) dola Amériken ké yo bézwen an, sé pou tout malfèktè yo mélanjé ak bon moun yo kotizé pou bay prézidan Privert lajan an sa a pou éléksyon an ka fèt an oktòb, 2016 la; si yo pa bay li prézidan Privert mèt chitachita li ak tèt li frèt.

Sé pa machine yo ki malonèt, sé moun kap jéré yo ki ka malonèt.

Dènyé koukou ki pou tiyé koukou a!

Tou lòt jou la a: éléksyon sot fèt o Canada, Justin Trudeau té gen éléksyon an, men sé pat sèlman limenm ak pati li ya ki té alé nan éléksyon an; pou kisa rès lidè politik yo pat plenyen frode tou?

Men éléksyon pwal fètnan peyi Sodom o zéta sini an oktòb, 2016 la; nou pa pwal tandé plenyen sou zafè frode; menm Sodom ak Gomorre konnen pou yo pa plenyen de machine yo; sé pa machine yo kap fè frode yo; pétèt moun kap jéré yo a ka fè frode, pa machine yo.

Bla bla bla bla avèk nou, sé pa sa kap fè nou chanjé vyé abitid nou yo, sé sèlman Jézi, gadé pou valè légliz ki sou tè ya, épi pou pa gen menm 1% moun ki sinsè ak bonDyé, é gouvernman léta yo menm?

An touka nou wè pa gen manti ladan: vi Sodom ak Gomorre ap ogmanté; difé ap ravajé Canada - États unis (Sodom), inondasyon dlo nan tout kwen latè, méchansté ap ogmanté, men zyé bonDyé trè klè dévan zyé nou, é li pap dòmi; kèlkéswa ras nwa, ras blan, ras wouj, ras jòn: tank moun ap fè tenten, sé tank moun ap pini.

Sa yo poko anyen: si mwenmenm ak méchan yo pa sové, ki koté nou pwal mété kò nou lè gwo jou térib la rivé?

Mwen pa konnen pou nou o non de Jézi fòm sové mwenmenm, satan ak mové zanj yo pa anyen.

Related Article:

Haiti Elections - Ex Senator Jean William Jeanty: Why should the people to dish out 55 Millions for another election?

Former Senator Jean William Jeanty thinks Haitian politicians are CRAZY to think the people of Haiti will dish out 55 Million US dollars for another...

REPLY to this message

Return to Message List