Palmante Bien Elu yo, Jwet pou Nou.

Neglakay - June 27 2016, 1:54 AM

Yon fwa anko, Palmante Ayisyen yo kap touche lajan peyi a avek tout lot benefis ki vini ak fonksyon palmante a, pral gen yon lot chans, Madi 28 Jen an, pou moutre pep la bon jan travay yap fe pou li sou bisantne a.

Sila yo ki te eli korekteman dwe pran responsabilite yo o serye pou fe seyans e ligitimize pwolongasyon Privert a jiskaske eleksyon yo fet. Sa a se sa pep la vle e se sa kap pi bon pou peyi a. Si yo pa ka konprann sa e yo kite Palmate zombi yo mennen yo nan twou, pinga yo kriye le pep souvren fe kraze tout chanm nan. Bagay ki pa itil se nan fatra ou voye sa jete. Akwa bon pou yon peyi pov tankou Ayiti ap byen peye palmante ki pap fe anyen pou pep la.

Palmante konsekan yo, Jwet pou nou Madi kap vini la a. Pa bliye si nou pa gen kran pou fe travay nou, pare nou pou peye konsekans la. Pa bliye Jan Lame te kraze, e pep la te bat bravo.

Kreyol pale, Kreyol Konprann.

Si nou pa ka kompoze nou pou fe travay nasyon an, yap dekompoze nou e pep la ap bat bravo.

REPLY to this message

Return to Message List