Ayiti Leve Maten an avek enstitisyon yo ap Fonksyone: Yon Espwa pou Ayisyen tout bon vre.

Neglakay - June 15 2016, 11:10 AM

Ayisyen konsekan ki mete entere Peyi-a avan entere pesonel yo dwe leve maten an e gade soley bondye a avek anpil espwa ke pep Ayisyen aprann anpil leson nan evenenman pase yo e yo deside pou fe sa ki bon pou peyi yo nan moman difisil nap travese la a.

Privert dwe rete kom prezidan pwovizwa jouk bon jan eleksyon rive fet pou bay peyi a yon prezidan ke majorite pep la vote e yon palman ki byen elu. Se Ayisyen ki konnen sa ki bon pou Ayiti.

Jodi a nou di: Pa gen wout pa bwa, se bon jan eleksyon ki pou mete nou deyo nan kriz nou tonbe la a e Privert moutre li konprann sa nou tout konprann nan.

Palmante byen elu yo avek Lakou Kasasyon dwe pote kole avek pati politik ki kwe nan eleksyon san fwod pou legitimize pwonlongasyon manda Privert a. Palman sa a ki la a pa kapab pale pou peyi a pou kont li. Yon konpwomi politik se sa ki dwe jwenn nan jou kap vini yo. Sila yo kap vann nanm yo pou lajan nan mande pep la pou manifeste kont entere yo, komanse aprann ke pep souvren pa si sot anko. Bon jan eleksyon! Yon solisyon Ayisyen avek Privert se remed peyi a pou moman sa a. Zak gen zorey pou tande, tande.

REPLY to this message

Return to Message List