Sé sak pwoblèm nan, sispan-n dépan de...

Patrick Princivil - June 6 2016, 10:03 PM

Sé sak pwoblèm nan,

sispan-n dépan de gouvernman Amériken; mwen kwè si lidè politik yo konnen trè byen pou yap kriyé frod, pétèt gen ladan yo ki pa fou oswa stupid.

An 2015 lan pwòp ajan nan CEP ki té genyen an 2015 lan té al déklaré nan éstasyon radyo ké sé pat Michel Martelly ki té genyen éléksyon 2010 lan, ajan CEP sa a té menm déklaré trè klè ké gouvernman Amériken yan ki té mété Michel Martelly ak pwòp pouvwa yo. Ané 2015 lan ak 2016 lan gadé kijan menm moun sa yo té monté sou machine yo épi yo té drivé tout kandida yo nan farine?

Jis kilè pèp Ayisyen ap apran yon léson de moun sa yo?

Sé pa ògèy: Ané sa a, sim ta wè lidè politik sa yo aksépté pran lajan nan men gouvernman Amériken ankò map konsidéré yo kòm vyé chyen mèg ki paka manjé an Ayiti yo, é ki oblijé ap frité nan vyé fatra dèyè trip poul santi nan fatra ak lòt vyé tenten plen koléra nan fatra an Ayiti yo. Sé pa sa sèlmanm ta di, kòm mwen gen anpil fanmim ak zanmim ki krétyen sou Facebook, map éséyé évité tout vyé mo vilgè, byen kém grandi avèk yo nan ven mwen.

Rézon ki fèm anrajé: léta Ayisyen mété ak politisyen, rakétè, vòlè, kriminèl, vodouyizan, sanpwèl, bizango, lougawou, ougan, bòkò, manbo, bouché etc. pou sousé sang maléré yo ak nou-menm Diaspora yo. 75% diaspora ap plenyen chak jou sou sijè sa sansi nan doune Ayisyen yo ap fè nou pasé an Ayiti.

Kèlké swa biznis nou éséyé fè an Ayiti, nou échwé an lagan.

Nou ta renmen tounen nan péyi nou, salopri yo kanpé an dyabazon pou borikoté nou, 99% jij yo ak avoka, notè yo sé vòlè, nap viv nan yon péyi nou pagen oken défansè, si sé pat Jézi de Nazarèt nou té échwé pi rèd; lè nou rési acheté yon ti tè poun bati yon tache poun rété, vòlè anvayi nou épi yo di nou mal acheté.

Ak 2 zyém mwen kon ap gadé vòlè nan port au prince kap chifonnen fo papyé tè nan kafé dévan cyber kafé yo pou yal vòlè tè moun. Vòlè yo kasé kay moun, nap gadé vòlè yo, nou paka voyé yo al prijé yo nan prizon paské nou pagen lajan poun péyé gwo méchan yo anba tab. Rézon ki fèm anrajé: sé paském pèdi plis ké $ 100, 000: 00 Amériken déja nan monté désan an Ayiti nan al chaché fè biznis an Ayiti.

Chat mawon yo fè péyi Dayiti tounen lanfè.

Gen yon Dyaspora ki tap fè konnen ké vòlè an Ayiti vòlè 17 kamyon baskil pou li. Dépi sé Ayisyen ki al fè biznis an Ayiti yo pèdi an lagan, nou san défans; vòlè an wo; vòlè anba.

Ané sa a mwen paré pou Joslerm Privert ki pwal nan ranmasé vyé lajan ranpli ak koripsyon nan men gouvernman Amériken pou zafè éléksyon an Ayiti; salopri yo sé gason yap maryé ak gason; sé fanm yap maryé ak fanm épi pou gouvernman Ayisyen ap maché tatonnen nan ranmasé vyé fèy dola vèt plen malédiksyon nan men yo pou yal fè éléksyon nan péyi nou, sé nòmal pou yo drivé nou nan farine.

Ané sa a mwen paré pou yo byen mové tankou kong. Sé pou gouvernman Ayisyen yan apran konnen ké kèlkéswa ké antréprénè Amériken, Canadien, la France, Vénézuéla, Taywan etc yo pa mari manman nou ak papa nou; lè yo prété lajan pou dévlopé Ayiti fò yo rémèt yo. Si nèg yo vòlè entérè lajan yo ak tout manman lajan yo, sé nòmal pou yap tayé kanson sansi nan gouvernman Ayisyen yo jan yo kanpé ya. Sé nòmal pou Ayiti rété kokorat, réstavèg anba men blan zyé vèt paské yo pa réspékté tèt yo. Lè yo rési parèt ak plan biznis péyi Dayiti nan bank mondyal, sa yo mété nan plan an sou prétèks sé sa yo pwal fè ya: sé pa sa yo fè vré.

Ané sa a, si Joslerm Privert pran lajan nan men moun sa yo gratis pou zafè éléksyon an Ayiti sé malèl. Zafè rété ti réstavèg gouvernman Amériken, la France ak Canada: sé bliyé sa. Si gouvernman Ayisyen anboché gran engényè Amériken, Canadien, Fransè etc. pou konstwi wout an Ayiti, pon, building épi nou péyé yo sa ké yo mandé ya san graté tèt, mwen dakò ak sa a 100%; men zafè pasé chapo oswa kwi dévan blan zyé vèt yo, sé pou sa fini.

Épi sak pi fèm mal la: yo pasé chapo ak kwi dévan blan yo swadizan pou dévlopé Ayiti, sé lésiv yal fè ak lajan yo nan van kokayin, éroyin, krak ak mayigwana etc. ki pa menm itil péyi ya anyen.

Talè pwal gen éléksyon, anpil rakétè sa yo sé ponya yo pwal pran pou yo péyé 100% entérè sou lajan yo pou yal kandida wi. Sé kout $ 20,000: 00 dola Amériken yap péyé ajan nan CEP anba tab pou plas majistra.

Bon! Mézanmi! Konbyen pou kandida yo péyé anba tab pou plas minis, sénatè ak dépité etc.?

Politisyen sa yo lèd! Yo lèd! Ya sal! É yo santi k k.

Dènyé mésaj mwen pou Jocelerm Privert ak kandida yo:

An nou apran fè maraton antre nou-menm poun rétiré péyi ya nan sal yé ya. Soutou nou-menm diaspora yo: si poun bay kotizasyon nou pou dévlopman an Ayiti: kèlkéswa nou bay 1 goude kòm donasyon, sé ba nou jwen rési poun déklaré nan tax o Zéta zini - Canada etc. pap gen pwoblem menm nan sa.

Si gouvernman Ayisyen yan vini pwofésyonèl, épi pou ba nou rési poun déklaré nan tax, nou pa ta bézwen pou sé chapo ak kwi pou nap pasé dévan gouvernman Amériken, Canadien ak la France etc pou mété yon ti kòb nan men yo pou yal blanchi nan dwòg.

Mwen fèk karé frapé sou malvéyan yo, paské enbésilité ké yap fè la a fè klas pòv la soufri, él fè nou-menm dyaspora soufri anpil.

Sé pou éléksyon an rékòmansé a zéwo; chak kandi ta sipozé al dépozé kòm pi piti: $ 50, 000 dola Amériken nan DGI; kòm yon dépo tanporè.

Pou bloké tout vyé magouyè, rakétè kòk pyé kaka, pou yo pa al monté prézidan san konésans, ak tèt yo vid ankò sélon lwa konstitisyon pou kontinyé kenbé ti klas pòv la nan mizè, mété ak nou-menm dyaspora yo.

Moun yo dézòd!

Yon pakèt salopri pa janm al lékòl; avèk lajan nan pòche yo, kèlkéswa diplòm yo bézwen: kèlkéswa papyé ké yo bézwen nan sèvis léta yap jwen ni. Pa gen so métyé; men sa fèm mal anpil pou map tandé yon nèg pat menm pasé sou ban lékòl épi poul mété wòb blanche yo sou yo an tèm dentiste pou yap raché dent moun; oswa doktè kap fan vant moun, oswa tout lòt kalité opérasyon nan yon péyi.

An nou chaché mété lòd nan lavi nou paské sa moun sa yo ap fè la yo pa fè oken sans.

Kounyé ya nèg ap plenyen ké Michel Martelly, Olivier Martelly etc. gaspiyé lajan léta; anviwon 6 mwa Michel Martelly rabouré kès léta:

Koté Moise Jean Charles, André Michel ak tout kandida kap plenyen yo té yé lè sweet micky tal pozé kandida li pou prézidan Dayiti?

Sé pou yo ta tou konnen kél sweet micky pat gen oken éspéryans politik, ké sé rabouré li ta pwal rabouré yo.

Sèl bagay mwen pap kritiké misyé: paskél fè travay an Ayiti pagen oken gouvernman Ayisyen ki té janm fè yo dépi 1804 rivé jiska 2011;

Kèl wonté pou entéléktyèl pachiman sa yo, kap gonflé kou yo chak jou nan radyo ak lòt médya: sou prétèks ké yo té fè gran étid Cuba, la France etc. sa sa itil moun?

mwen santim ta pran yo a kout baton lèm tandé yap di yo té sési, yo té sé laba nan gouvernman Aristide, Réné Préval etc. sa sa itil moun?

Mézanmi mwen renmen nou anpil; an tèm Adventiste du séptième jour, mwen pa ta sipozé nan fè politik.

Pou janm wè ké sistèm nan ap détòryoré la a, si nou pa louvri zyé nou pi ta ap pi tris. Nonm nan té nan sweet micky li, épi li lap gouyé ak kilòt ak soutyen nan vyé zèv imoral li: ti nèg té prè pou yo té boulé tout Ayiti si sweet micky pat monté prézidan Dayiti; nan mo vilgè ya: sil anfwaré yo a kout gren-n bannan, épil rabouré kès léta lalé, sé chajé cwa nou chak jou, sé pa plenyen poun plenyen.

Si pami tout prézidan ki té gen an 1804 rivé jiska 2011; pou sé sweet micky ki réprézanté pi méyè prézidan nan listwa Ayisyen, sa vlé di ka nou té grav anpil, sé antan poun antan nou.

Jiska mentnan mwen toujou nan kan PHTK; sim ta wè pou sé ta Laurent Lamothe, oswa Jovenel Moise ki monté Prézidan Dayiti mwen tap satisfè.

Sim ta wè 2021 rivé épi Michel Martelly kité sweet micky li épil tounen nan politik, épil rémonté prézidan Dayiti ankò, mwen tap satisfè.

Aktyèlman nou an dout; nou pa konnen ki yès ki pwal pran kontwòl péyi ya. Yon pakèt payaya, rakétè ki pa kanpé sou anyen, é ki pat janm kanpé sou anyen, pou sé yo menm ki pwal nan fè kanpay pou prézidan ané sa a, é yon ladan yo pwal prézidan, sa fè wont.

Dé tout fason sé pou ansyen Michel Martelly ak CEP a ki mété péyi Dayiti nan pakèt pwoblèm sa yo, sé pou yo péyé sa: yo pat sipozé triyé yon pakèt vo ryen ki pa kanpé sou anyen pou mété nan séléksyon, an konprénan ké yo ta pwal fè Jovenel Moise (nèg bannann nan bat payaya politisyen yo konsa, èské sé nan jaden papa yo ak manman yo ké yo té mété nan tèt yo ké yo ta pwal rantré?

Related Article:

Will USA Finance another Presidential Election in Haiti? Kenneth Merten Answers

Something to think about... The United States of America dished out 33 Million dollars to finance elections in Haiti that has official been stamped...

REPLY to this message

Return to Message List