Bon sabbat san ipokrizi tout moun! Yo sézi! Mwen kw&#232...

Patrick Princivil - May 28 2016, 7:35 PM

Bon sabbat san ipokrizi tout moun!

Yo sézi!

Mwen kwè aprè éprèv sa a ak tantasyon yo mwen kwè ké diaspora, pati lavalas, pati pitit pitit Déssaline, (G8), (G30); ké tout pati politik sa yo ap antan'n yo.

Sak pi fè mal la! nèg ap palé de Conseil Éléctoral Provisoire (CEP) la pwal permanan, ki yès ki pwal kwè nan magouyè, gran manjè, rakétè, rat pa kaka sa yo?

Kounyé ya yap kriyé frode, ou kwè nouvo gouvernman ki pwal monté ya pwal parèt ak pwòp CEP yo ki pwal fè pi mal pasé sa.

Dépi yon pyé bwa fini kochi sé manchèt ki ka drésél; sé sèlman bonDyé pou yo ta bay drésél, moun sa yo sé manjé satan ak mové zanj yo ké yo yé.

Sé (JPP.)

Sé nan port au prince ak gran ville yo ké yo gonflé tankou yon pakèt rad sal ké yap fè magouy, dansé vodou fè tenten, manjé moun, krazé tèt moun, masonlòj ak lougawou.

Yo van nanm yo bay dyab pou diri ak pwa, de ki jistis yap palé?

Èské avèg ka kondi avèg?

Menm moun ki nan mond lan ap plenyen épi yap di pastè mélanjé ak masonlòj ak lougawou, épi yo rélé péristil yo légliz, yo nan maryé gason ak gason, yo nan maryé fanm ak fanm, yo kotizé ak léta pou yo ka dérasinen moun pi byen. Pou kisa pèp la troublé konsa a?

Jézi té déja di nan dènyé jou a gen anpil fo pwofèt ki pwal menm di sé yo menm ki Jézi - Christ.

Men si nou ka fè yon diférans ant Jézi - Christ ak tout 11 disip yo; nou sipozé ka fè yon diférans ak Juda Éscariot.

Pyé tomate paka pwodui zaboka.

Satan ak mové zanj yo pa anyen, sé antan poun antan nou ak bonDyé nan syèl la.

Related Article:

Haiti - Rosny Desroches anticipates Problems Following Release of Election Verification Report

The results of the election verification commission will likely be challenged, Rosny Deroches said ahead of its official release. His prediction is...

REPLY to this message

Return to Message List