Mezanmi pa gen wout pa bwa pou rezoud pwoblem eleksyon yo. Se...

Neglakay - April 29 2016, 12:13 AM

Mezanmi pa gen wout pa bwa pou rezoud pwoblem eleksyon yo. Se verifye rezilta yo pou tabli laverite.

Sak pa ka we sa gen yon gwo pwoblem.

Privert pran yon desizyon saj le li mete komisyon an kanpe malgre presyon entenasyonal, PHTK, ak Palmante degrenngoch yo. Pou yon dokte trete w fok li jwenn sak fe w malad la. Eleksyon malachong fe peyi nou malad, nou dwe jwenn verite a pou nou trete pwoblem nan.

Alo msye komisyone yo, peyi a nan men nou! Bay peyi a verite a jan nou jwenn li an epi pep souvren va fe res la. Pa retire, pa mete, pou listwa pa kondane nou. Mezire l ban nou nan mamit Estime a.

Related Article:

Haiti - Depute Gary Bodeau Tweets: President Privert's Days are Numbered

Haiti Transition Update -- Delmas PHTK Depute Gary Bodeau Tweets Wednesday: "The days of interim President Jocelerme Privert are numbered. Two...

REPLY to this message

Return to Message List