Depite A. Rodon pa mal panse le li vle negosye pou kite...

Neglakay - April 27 2016, 11:26 AM

Depite A. Rodon pa mal panse le li vle negosye pou kite Privert kom Prezidan jouk eleksyon yo rive fet. Reyalite a, si Ayisyen pa met tet yo ansanm nou tout ap pedi. Komanse sou palman an rive sou Privert ak gouvenman n nan, pase pran PHTK ak tout Klas politik.

A la fin, Haiti ap pi mal pase jan liye kounye a.
Solisyon sajes la se reyini twa pouvwa yo( Ekzekitif, Legislatif, ak Jidisye) ansanm ak pati politik yo (Opozisyon, PHTK e Zot) pou dako sou yon pwen final nan radot eleksyon sa a.

Mwen sijere yo kenbe Privert, mete mal eli nan palman an deyo, epi dako pou KEP a fe bon jan eleksyon kote tout moun patisipe e pa gen fwod nan rezilta yo. Tout wout pa bwa se male pou Haiti e sila yo ki kwe yo ki kwe yo se pi gwo magouye ki genyen, dwe sonje kijan Aristide, Preval, Martelly ak Opont etc te fini. Kreyol Pale, Kreyol Konprann.

Related Article:

Haiti - Depute A. Rodon says TIME for a NEW accord with Privert, Adelante!

Haiti Transition Update -- While some deputes are getting ready for life without Privert as president, Depute A. Rodon Bien-Aime believe it is now...

REPLY to this message

Return to Message List