Sé manyen manm misyé paské sa yap fè la a...

Patrick Princivil - April 25 2016, 12:59 PM

Sé manyen manm misyé paské sa yap fè la a pa fè oken sans, nèg la pa menm yon krétyen kap priyé bonDyé, li pa yon pastè légliz: menm masonlòj yo, menm sanpwèl yo, menm vodouyizan yo, menm baka yo, menm lougawou yo, menm ougan yo oswa bòkò yo, menm kolòn manbo yo, menm rat pa kaka yo, dé kisa Danton Léger sa a ap palé?

Avan pou yon nonm palé de jistis fòl gen jistis bonDyé ya nan kèl ak nan nanm ni, yon pakèt ti maléré ki pa kanpé sou anyen ap fè vyé konplo ak pati lavalas pou kenbé péyi a nan mizè!

Mwen tap palé de 6 mwa a 1 an: sé pa bay prézidan Privert oken chans; 2 mwa sé 2 mwa, sé pou 5 kandida ki pwòche prézidan yo al nan éléksyon pi vit ké posib.

Mwen mandé pou tout 5 kandida ki pwòche Prézidan yo kontinyé sakajé biwo Danton Léger sa a pou yo fè éléksyon nan péyi ya, gouvernman Privert ya ap pran woulib pou yo ka mété plis lajan nan pòche yo, sé bay Danton Léger sa a tenten kenbé.

Flash! Flash!

Péyi Dayiti ap plonjé nan mizè ak grangou, nèg sa yo sé pa anyen ké yap réglé, lagé nan wèl yo, mété difé nan fyèl Privert ak Danton Léger li ya pou éléksyon fèt nan péyi ya pi vit ké posib.

Dépi sé ti nèg nwè parèy mwen kap dirijé péyi Dayiti, toujou gen pakèt tralala.

Yo té nan léta Ayisyen déja yo pat janm réglé anyen, si sé ta pou yo, lapolis Ayisyen pa tap janm ka mété bon kalson ak kilòt sou yo.

Sé Jovenel Moise ki pou mété tèt ansanm ak Jude Céléstin pou sakajé ti rès péyi ya pou ban sansi yo libéré péyi ya. Yo konnen trè byen ké vyé komisyon de vérifikasyon sa yo pap itil moun anyen, machine yo déja (reset) Léger Danton sa a vini konpliké bagay yo pou kenbé alkolik parèy li ya sou pouvwa a pou pi lontan, li pa menm anyen, poukisa lap chaché maré pyé moun.

Sak fè Danton Léger sa a pat fè travay sa a avan ex-prézidan Martelly ak Laurent Lamothe ak K Plim etc. té kité pouvwa a?

Poukisa Danton Léger sa a pa rélé Prézidan Privert pou rakontél sa lap fè ak lajan léta Ayisyen kounyé ya?

Sé pwofitè yo yé ébyenm nan bwa ké yo.

Viv Jézi aba magouyè.

Related Article:

FLASH: Haiti Justice - Yo KASE Biwo Commissaire Danton Leger

Haiti Justice -- Yo KASE biwo Commissaire Gouvernement Jean Danton Leger nan Parquet Port-au-Prince, se sa li fek anonse sou radio Caraibes FM.....

REPLY to this message

Return to Message List