Mwen pat kont manjé nan réjim PHTK! Men! An nou...

Patrick Princivil - April 22 2016, 10:06 PM

Mwen pat kont manjé nan réjim PHTK! Men!

An nou fè yon rézonman!

Dépi aprè réjim Roi Salomon an nan nouvo téstaman nan bib la sé dyab ki pran kontwòl palè yo dan le monde antyé.

Dépi nan ginen sé pi gwo vòlè yo kap jijé ti vòlè, kap bat vòlè épi sa vini abouti ant vòlè ak vòlè.

Dépi nan ginen sé pi gwo kriminèl ak magouyè, kap jijé kriminèl ak magouyè.

Dépi nan ginen sé pi gwo malonèt yo kap jijé malonèt, jwèt, bétiz, pagen anyen ki pi séryé nan zafè léta sou tè a, soutou nan péyi pèp nwa yo. An nou alé yon lòt kozé: mwen té an Ayiti an 2014 la sou réjim PHTK a; té gen yon gwo jouré sou éstasyon radyo yo, kisak té rivé! Sété yon magouyè ki gen lajan ki té bay yon avoka yon mové kou, avoka a té pran tout mézi poul té pran épil té fè mété magouyè a nan prizon, demen maten ak prémyé moun ké avoka sa a té rankontré nan lari ya byen gra ap maché déyò sé té menm moun sa a li té voyé nan prizon an épi avoka a té tou ralé zam ni épil té rédui magouyè a an silans.

Sa vlé di ké magouyè a té pasé nan pòt antré prizon an épil té péyé yon ti kòb anba tab épil té pasé nan pòt dèyè prizon an lal lakay li. Tout lè bagay sa yo tap fèt la, ex-Prézidan Martelly tap viré won, fè le tour du monde ak Laurent Lamothe épi dèyè do yo menm kèl magouyè nan léta a tap pofité sikonstans.

Sé pa kritik: eské sèlman ex-prézidan Michel Martelly ak Lamothe té ka ranjé koripsyon nan péyi ya?

Répons lan sé non; sé pou chanjeman yo kòmansé andédan léta Ayisyen an, kòm li dwé yé patou dan le monde antyé.

Mwen konpran pwoblèm Lilyane nan! Puiské ex-prézidan Martélly té rélél ti Lili, jiskaskél té fè kanaval li poul tap di bali bannan nan. Mwen pa apiyé sa a, men! Men paka bloké Jovel Moise nan lute la. Kòm prézidan Privert ap fè yon pakèt tralala, jis pou yo ta rétiré Jovenel Moise ak Jude Céléstin nan lute la, si prézidan té yon pastè prézidan oswa yon nan disip Jézi yo mwen ta konpran sa, aktyèlman pagen pi bon pasé Jovel Moise ak Jude Celestin.

Michel Martelly ap rétounen al kandida pou Prézidan Dayiti lap bat yo ankò.

Konsèy map léta ayisyen yan: vyé sistèm chak fwa yon Prézidan fini fè mada yo pou nouvo gouvernman ki ranplasé yo ap fè vyé mannigèt pou mété yo nan prizon ak fanmi yo ak zanmi yo, sa a pap itil moun anyen.

Sé sim ta wè sé yon Roi David ki ranplasé yon prézidan; Sé sim ta wè sé yon Roi Salomon ki ranplasé yon prézidan; Sé sim ta wè sé yon Reine Ésther ki ranplasé yon prézidan; Sé sim ta wè sé yon Prémyé Minis kòm Joseph ki ranplasé yon prézidan an Ayiti mwen ta konpran'n sa. Bon sé menm vodouyizan yo, menm sanpwèl yo, menm, menm masonlòj yo, menm lougawou yo, menm bizango yo, menm prèt lougawou légliz catholik yo, menm manbo yo ak ougan yo oswa bòkò yo, sé menm alkolik yo kap dirijé.

Men niméwo téléfòn sa a, sé yon niméwo magicjack li yé:
647-800-5942;
adrès internet mwen sé patrickprincivil [at] gmail.com
nou ka jwen mwen sou Facebook.com/PatrickPrincivil.

Mwen ta remen yon lidè ki pwòche Prézidan Privert mandél poul bay rézon pou kisa li pi méyè pasé PHTK, ak LAPÈ ak lòt lidè ké yo akizé nan magouy ki té fèt nan éléksyon 2015 rivé sou 2016 la. gen yon diférans ant Jézi-Christ avèk nou-menm lòm, sé pou tèt sa gen yon bonDyé kap balansé bagay yo. Sé pou prézidan Privert bay rézon pou kisa li pi bon jistan lap mété véto nan péyi Dayiti, kont Olivié Martélly, kél pa gen dwa kité péyi ya; mwen tandé ké yo té rélé Laurent Lamothe o pakè, épi yo gen entansyon mété anpil moun ki té nan gouvernman PHTK a nan prizon; kisak fè yo santi yo pi bon pou yap aji konsa a?

Mwen tandé ké yap palé de ankèt de vérifikasyon!
Alò si té gen magouy nan machine yo, alò Michelle Martelly ta dènyé enbésil poul ta kité yon ban machine ké lè zòm pwogramé, pou prézidan Privert jwen tras frode pou akizé PHTK?

Tout moun kap kochi pwent nen yo pou yap tan ké yo mété Jovenel Moise ak Jude Céléstin déyò yap fè érè.

Sé pou Prèzidan Privert mété yo déyò sil kapab, péyi ya sé yon péyi sé magouyè kap dirijél; fòl ta gen anpil kouraj poul mété pati Lavalas déyò nan lute la ak pati politik pè éternèl la, Jude Céléstin ak lòt pati politik yo tou.

Dépi nan ginen sé té toujou konsa: men chak gwosè kal pwason ki kouvri zyé lòm épi yo toujou wè ti pay ki nan zyé frè yo. Rézon ki té fèm ralé kòm sou zafè gouvernman Amériken an ki té vlé sipòté Jovenel Moise (PHTK)ak lapolis mété MUNISTHA pou sèlman Jovenel Moise té alé nan éléksyon an, sé paské sé yon sèvo ki nan tèt mwen, mwen pa ta ka toléré yon bagay konsa.

Pagen pakèt tralala ké Prézidan Privert ka fè pou lontan, yon pèp ap manjé mizè, sé fè sa yap fè a pi vit ké posib; pagen anyen ki pi séryé, menm koken yo, aprè manda prézidan Privert a fini nouvo gouvernman ki pwal monté ya pwal chaché mété prézidan Privert nan prizon pou sak pa bon tou. Révolusyon an ap manjé pwòp pitit li.

Sé pa pwoblèm gouvernmam Ayiti gen kounyé, sé pou kriminèl yo ak magouyè yo répanti, sé sak Jézi poko rétounen.

Related Article:

AUDIO: Haiti - Reynold Georges di: Je suis AVEC JOVENEL Moise Tet Kale

Haiti Politics AUDIO - Maitre Reynold Georges di Liliane Pierre Paul: "Je Suis avec Jovenel Moise." Oui... Menm Reyonld Georges ki te kont...

REPLY to this message

Return to Message List