Nou na ka wè ké politik Ayisyen an vini tr&#232...

Patrick Princivil - April 22 2016, 10:26 AM

Nou na ka wè ké politik Ayisyen an vini trè diféran ané sa a!

Sépou politisyen yo rélé sou kò yo, an nou pran ékzanp Moise Jean Charles: lè misyé ap palé mwen ka wè ké sé yon moun ki pran bon jan édikasyon nan lékòl men! Elas ! sa pat janm itil péyi Dayiti anyen, Jean Bertrand Aristid ak anpil lòt politisyen nan péyi Dayiti té pran bon jan édikasyon nan lékòl, madame Manigat etc. sa pat janm itil moun anyen.

Michel Martelly kité pouvwa men li kité tras li sou zafè dévlopman.

Si pati opozisyon an pat vòlè matéryo ak pano solèy ex- Prézidan Martelly té mété yo péyi patap tonbé an dégraba konsa.

Si yo té kité Michel Martelly al bat yo nan éléksyon 2010 la konsa otomatikman mwen mété nan tèt mwen gen yon bagay ki pa maché nan péyi Dayiti; mwen pa la poum insilté moun, men; mwen pa rantré nan jwèt la twò lontan; sa kém apran de Michel Martelly: sè ké lè lap fè yon diskou, lè lap pansé de Ayiti ak tout pwoblèm péyi a nou ka wè sé yon Prézidan kap palé.

Ti pwason suiv kouran: lè Jovenel Moise ap fè yon diskou sé kòmsi sé yon Prézidan kap palé.

Mwen pa menm bézwen palé de Laurent Lamothe! Misyé tou sanblé ak yon Prézidan.

Té gen yon bon rézon ki té fè ex-Prézidan Martelly tap moké intéléktyèl yo. Nèg yo paka sou do bèf la pou yo déplimenl konsa.

Sa pap déranjém si Prézidan Privert pran 6 mwa jiska 1 an pou òganizé éléksyon nan péyi Dayiti, an vérité; an vérité; an vérité twa fwa: Prézidan Privert sé Lavalas; pigal konpran'n la pwal fè vyé magouy poul pasé manmèl bèf la bay Marise Narcisse oswa Moise Jean Charles konsa non!

Konsèy mwen bay Prézidan Privert sé voyé 5 kandida ki pwòche dézyèm tour nan éléksyon an kòrèkteman, paské gouvernman kap gouverné Ayiti kounyé ya pa pi bon pasé sa. Apa Gracia fèk monté Sénatè épi yo gentan ap akizél kòm vòlè jénératè.

Konsèy mwen bay Prézidan Priver: sé anilé vyé éléksyon pachiman ki sot pasé ya kòrèkteman é rékòmansé a zéro.

1.) pou kounyé a mwen pa wè pi bon pasé Michel Martelly ak Jove el Moise

Fò Prézidan Privert byen konnen sa lap fè ya pou bwal pa pran nan moulen aprè fen manda li ya, magouy pap ka pasé pou jistis fwa sa a.

Related Article:

Haiti Elections - JOVENEL Moise will NOT be the only Candidate Kicked OUT of the Race, LAVALAS Schiller Louidor said

Haiti Elections Update -- Fanmi LAVALAS believes they will WIN the presidency by process of elimination... Schiller Louidor a high member of the...

REPLY to this message

Return to Message List