Se nomal pou Prezidan Marteli defann PHTK, Pitit li Olivier...

Neglakay - April 16 2016, 9:55 PM

Se nomal pou Prezidan Marteli defann PHTK, Pitit li Olivier, ansanm ak tout lot asosye l yo ke Lajistis vle mande regleman.

Let li ekri a pa reflete pozisyon majorite pep Ayisyen an. Daye li manke kalite pou bay Privert yon bon Lecti sou gouvenen byen. Li gen tan bliye kijan Depite Belize te arete ilegalman, kijan koze doub nasyonalite l la pate byen rezoud, kijan Palman an te kraze, Kijan li te vle mennen peyi a tet dwat nan trwo fe nwa malgre pifo pep la te di non. Jodi a si lap defann entere fanmi li ak zanmi ni ki menase, mwen konprann.

Li pap pale pou pep Ayisyen.

Privert gen dwa ap fe jwet koken men Marteli pa gen Kalite pou li raple l a lod. Gen kek reyalite sanble se le yo pa Prezidan yo rive konprann yo. Baton an vire bout. Podyab pou peyi Dayiti!

Response to:

Bonjou ayiti, m poze tet mwen kesyon pou m di gen de...

Related Article:

Haiti - President Michel Martelly EKRI President Jocelerme Privert, Men Kopi Lettre la

Haiti - President Michel Martelly ekri yon lettre bay president Provisoire Jocelerme Privert jounen 15 Avril 2016 la pou di l de twa pawòl sou...

REPLY to this message

Return to Message List