Alò sé konnen Présidan Privert pat konnen...

Patrick Princivil - March 17 2016, 6:55 PM

Alò sé konnen Présidan Privert pat konnen ké Fritz Jean sé citizen?

Michel Martelly ak Laurent Lamothe ouvè baryè a; men Prézidan Privert ouvè baryè; nap viv nan mitan koken sou koken.

Konsèy mwen bay la chanm dè Député ak Sénatè yo: pa maré pyé noumenm Dyaspora Ayisyen yo. Sé pou nouvo gouvernman an fini krazé konstitisyon pachiman sa nèg té mété an 1986 ra pyé tè pou noumenm dyaspora al sové ti rès péyi a. Pandan yap goumen pou réspékté konstitisyon: Pi gwo vòlè a, rakétè, magouyè, koken, masonlòj, sanpwèl ak lougawou yo sé yo menm; mwen-menm Dyaspora mwen pa menm bézwen nan léta Ayisyen pou mal ouvè biznis é biznis nou pwal péyé pèp Ayisyen an yon $100 pa jou éplis sélon konésans yo, é sélon jan yo apran.

Chèf déta yo pwal wont pou yo wè nou-menm kap péyé pèp Ayisyen salè minimum $100 pa jou dépi yo pa vòlè, paské sé kè moun ké nou genyen; sé pa yon késyon de Dyaspora pa ladan, sé yon késyon de byen jéré moun yo. Dabò sa yon ti $100 salè minimum yé?

pèp la pran nan tenten sa yo pasém pat nan jwèt la. Sispan voté pou
koko-rat.

Lè nou ouvè konpayi nou an Ayiti pou nap péyé moun yo pi rézonab yo pwal di sé dyaspora nou yé, sé paské nou riche.

Pou kounyé a nou pa genyen, men nou konnen sa rélé byen pran swen moun, paské nap viv nan yon péyi ki pran lavi moun o séryé.

Nou paka ap péyé travayè nou 10 kòb ké yo pa menm ka acheté kalson ak kilòt pou mété sou yo épi pou Prézidan yo ap lévé dè milyon dola Amériken al mété pouri nan péyi étranjé, sa sé enbésilité.

Mwen jis bézwen yon gouvernman pou byen métrizé rakétè douane yo pou yo pa nan vòlè zafè nou nan douane yo, pa fatigé nou, o nom de Jézi mwen pwal poté bon jan soulajeman pou anpli Ayisyen ki onèt nan péyi a. Épi map kontinyé dénosé malfèktè yo pi byen.

Related Article:

Haiti Politics - Prime Minister Ratification DELAYED 48 Hours

Haiti Transition Update -- The ratification of Prime Minister Fritz Alponse Jean has been DELAYED for 48 Hours over discussions on the number of...

REPLY to this message

Return to Message List