Rocky, li two tard pou nou ap kesyone kalifikasyon Privert pou...

Neglakay - February 18 2016, 10:52 AM

Rocky, li two tard pou nou ap kesyone kalifikasyon Privert pou Prezidan.

Li deja la, li pase par yon pot legal pou li rive, epi tanperati beton an gentan desann depi li pran pos la. Kidonk, nou oblije travay ave l.

Ayiti se yon peyi espesyal: Yon KEP pongongon bannou yon Palman degrenngoch ki li menm bannou Privert.

Resoud tout pwoblem nou, se pa bagay fasil.

Pou sove lapatri, an nou kite Privert travay.

Mete Madame Manigat pou ede li; Yon bon komisyon pou verifye rezilta Opont yo, Epi yon lot KEP pou fini eleksyon yo, ki dwe finanse avek goud nasyonal nou an epi volontarya Ayisyen.

Epi Lape pou pemet malere viv nan peyi a.

Response to:

Non avek Mesye Privert, Paske eske yon evade prizon...

Subject:

Haiti SONGAGE - Mirlande Manigat pou Premier Ministre, OUI ou NON?

Question: OUI ou NON? Eske ou ta renmen pou Mirlande Manigat Premier Ministre nan Transition an? Si ou reponn OUI, di...

REPLY to this message

Return to Message List