Épi sa pa rété la non! Dézòd ti...

Patrick Princivil - February 14 2016, 8:05 PM

Épi sa pa rété la non !

Dézòd ti machan yo ap fè nan lari dwé fini, sé pou nouvo Prézidan an mété déyò tout rakétè nan la mairi kap pran ti kòb anba tab nan men ti machan yo pou kontinyé fè dézòd ak layé yo atè a; Édé yo, pa vòlè zafè yo. Sé pa mété kazèk ak asèk nan gouvernman pou yap di yo kém métew fè kòb ou, map ataké vòlè, é map avili vòlè sou tout média. Genlèm pwal fè ékip ak tout éstasyon radyo an ayiti pou avili yo.

Zafè rakèt kap fèt abu nan douane yo dwé sispan, konpayi étranjé yo bay douanyé yo 17 jou pou vidé konténè ét rémèt yo konténè yo, vòlè douanyé yo paka mété ak diréktè douane rakétè pou kenbé bòdo yo nan men yo pou 1 an épi yo pa vlé bay konténè, lè yo rési bay li pou sé avèk 12 mwa chaj a $45 dola Amériken chak jou réta, sa vlé di sé vòlè yap vòlè konténè nou - menm dyaspora yo, sa yo pap toléré menm.

EDH menm fè twòp moun pèdi zafè yo nan bay ti priz kouran anba tab, épi pou nèg kap soudé sou kouran ap soté zafè moun, sa yo pap toléré menm.

Zafè pou chak CEP ki monté pou yap fè frod, sa pap toléré.

ganstè ap ralé zam sou moun pran lajan yo gran jounen, koté lapolis?

sa yo pap toléré menm.

Zafè pou avoka mété ak juge, notè, apantè pou yap vòlè tè moun, fèmen zyé yo sou moun kap chifonnen fo papyé ak ma kafé pou fè fo papyé yo izé pou vòlè tè moun, fè moun péyé tè 10 fwa. Zafè pou lè Dyaspora fin lwé kay oswa anfèmen kay nan men moun Ayiti pou mèt kay ap fè konplo ak vòlè, kasé kay nou lè nou fin viré do nou pati a létranjé, sa yo pa pwal toléré menm, bondyé mété gouvernman sou tè a; sé pa pou fè moun abu oswa toumanté moun, sé pou bay sékirité ak bon sèvis.

Mwen ta swété pou nouvo gouvernman sa a réspékté tèt yo pou opozisyon pa nan maché fè wélé wélé, machan pwason nan lari, nan éstasyon radyo kont mové zak gouvernman ak fè; Zafè boulé kaochou a, nou bézwen yon gouvernman ki gen kouraj poul di non ak sa.

Mwen pwal fè yon kopyé kolé sou Microsft Word sou tout frap mwen bay sou Michel Martelly a dépi 7 Févriyé, 2011 rivé jodi a 15 Févriyé 2016; Sé yo map frapé nan zo gouvernman sa a chak jou lè mwen ajouté sam poko konnen yo map jis kopyé kolé mété sou sam gen déja pou fwapé sou imoral yo.

Nou pèdi konténèm nou nan jwèt vòlè a; yo kasé kay nou nan jwèt vòlè a. Nou kité machine nou nan yon kay nap péyé chak ané: konplo sou konplo ap fèt poum ka dékourajé, yo krazé vit machine nan, yo vòlè radyo, yo krazé glas sou koté machine nan jis pou yo dégizél poum ka van ni ba yo pou 10 goudes, paském té di mèt kay la map van ni poum ka acheté yon pickup épi yap pofité détwi machine nan nan menm pou yo ka pranl pou granmési.

Madichon sou yo, plichon sou yo, sé pou tout malè rivé.

Tranbléman de tè a té manké yo, fwa sa a sé pou tout kalité malè rivé yo, lanmò sou tout ki abizé nou an.

Related Article:

Haiti - President Aristide's Wife Shows Up at the National Palace for President Jocelerme Privert Installation

Haiti Politics Update -- Former President Aristide's Wife, first lady Mildred Aristide, and LAVALAS presidential candidate Maryse Marcisse we the...

REPLY to this message

Return to Message List