Mwen ankourajé nou, rétounen vin jwen Jézi...

Patrick Princivil - February 3 2016, 2:21 PM

Mwen ankourajé nou, rétounen vin jwen Jézi, bagay yo di.

Zafè gouvernman sé zafè Prézidan, Prémyé Minis, Sénatè, Député, Majistra, Kazèk, Asèk ak lapolis ; poukisa yap akizé nou - menm ti mas pèp la nan zafè vòte yo?

nou pa kon pwoblèm péyi a yo pa sipozé ap chaché antravé nou poun voté pou yo, nou pa kon sak pwal fè byen sak pwal fè mal ; pandan 5 ans Prézidan Martelly a sé pa nou kap konté lajan, sé pa nou kap dépansé lajan nan péyi a pou fè wout, ak kay gouvernman etc. sé pa nou kap fè kontablité pou gouvernman an ; sé pa nou kap véyé pirat
(hackers) sou internet pou gouvernman Ayisyen etc. Sé mésyé yo ak mésyé dam yo ki ap dirijé péyi Dayiti a ki dwé fè tiraj o sò ( whatever) pou chwazi Prézidan ké yo vlé pou dirijé Ayiti.

Sé gouvernman Ayisyen an ki mété tèt yo nan twoub sa a. Poukisa yap batay pou ti mòso bilten jodi a?

Poukisa yap kriyé frod konsa a?

Kiyès nou konnen ki pi konpétan ak kiyès ki pa konpétan nan gouvernman?

Jan bagay la yé la a, sé kòmsi yo di nou voté pou moun ki pi bo gason an, oswa moun ki pi bèl fanm nan pou Prézidan péyi a, kisa nou konnen?

Plis zoumwen si yo ta di nou voté kon tout mizè ti machan yo ap pasé anba men vòlè kap travay nan gouvernman an mwen ta konpran; si yo ta di nou voté kont tout gren senk sa yo kap sousé sang pèp la nan jwèt aza yo sou tout plas pibli yo mwen ta konpran ; kazino yo, bank bòlèt yo, prétèks boul dyab pou manjé moun, rakétè ak vòlè nan Douane yo, rakétè ak vòlè nan EDH yo, vòlè nan bank kap fè konplo ak vòlè nan lari yo pou vòlè kòb kliyan yo. Rakétè ak vòlè kap mandé ti machan yo $20 tax ki pa menm rantré nan kès léta yo. Méchan kap tiyé moun nan lari a la jounen kòm nan nwit yo. Sé bagay sa yo ké lidè politik yo fèmen zyé sou yo a, sé li pou yo dwé ranjé, sé yo pou lidè politik yo invité nou voté kont yo. Lè yon rakétè, vòlè fè nou péyé yon tè 10 fwa: juge pou yo, Avoka pou yo. Sé jan de lòd sa yo pou gouvernman an chaché mété nan péyi a. Sé pa nou - menm bon Krétyen kap priyé bonDyé yo ki mété insékirité yo. Nou paka nan voté pou pi bo gason.

Dyòb nou sé voté kont fristrasyon nou yo. Lè nou kanpé nan rang nan flanm solèy épi pou klas riche ap pasé nan figi nou al pran menm sèvis sa yo ké nou pwal chaché yo, sa a fè zafè yo, lidè politik yo pa palé sou yo menm. Sé yon késyon de mwen pwal fè sési, mwen pwal fè séla, a ki kòb?

nou pa konnen.

Lòt menm parèt ak 2 pla men li nan éléksyon an 2010 la, avan 5 ans li a, li acheté yon kay pou $8, 000, 000: 00 (milyon) dola Amérikein ak yon dèt li pwal péyé sou yon kay ki pa menm yon faktori, oswa yon otèl, si sé yon ladan li, mwen kontan pou prézidan an, men sé kay poul abité, sa a sé bagay sansi.

Zafè pou lidè politik ap kriyé frod épi kou yo sou pouvwa yo épi yo pwal fè frode pirèd, sé bagay sa yo poun ranjé.

Prézidan Martelly tap kritiké Réné Préval ak Jude Céléstin ak tout KEP yo a ; ak tout CEP yo a; sa kap pasé an 2016 la?

Dé ki prévyen?

Sa Latortue ak gouvernman Amérikein an ka fè pou nou?

Ou kwè sé menm lidè sa yo ki fouyé trou yo poukont yo pou antéré tèt yo?

Mwen éspéré Prézidan ki pwal monté a pa parèt ak yon vyé CEP vòlè ak rakétè an 2021 an, koté zen pété sou sijè kandida ki té péyé manb CEP $20,000: 00 Amérikein pou té mété yo majistra épi fi a té koulél.

Mézanmi ! An nou pran konsyans.

Bagay yo pa fè oken sans, mwen pa kwè lidè ap péyé CEP $20, 000: 00 pou yal pran pòs majistra pou 160 goudes pa jou. An nou sispan twonpé tèt nou; bandi légal, chimè, zenglendou ak rakétè pap mennen nou nan syèl, répanti pou répo nanm nou.

Related Article:

Haiti - Moise Jean Charles REFUSES to Sit Down with OAS Mission to Help Solve Political Crisis

Haiti Transision 2016 -- Former Senator and Candidate for president Moise Jean Charles of Platfom Pitit Desalin has categorically declined an...

REPLY to this message

Return to Message List