Ébyen sa yon moun swété rivé zanmi li...

Patrick Princivil - December 11 2015, 12:48 PM

Ébyen sa yon moun swété rivé zanmi li sé li ki rivé manman li, an 2010 la yo tap fèm konnen ké Réné Préval té fini bwè tafya épi pandanl té sou tafyal li té di lap fout pèp Ayisyen an yon kout Jude Céléstin yap sézi. Yo té fè Michel Martelly monté maswifé nan prémyé tour a, jodi a malè rivé John. Sa vlé di ké PHTK pranl ! Yo pranl ! Ét yo pranl nèt au nom de Jézi, sé pap au nom de pape Francis.

Illuminati paka fè anyen nan kozé sa a, kitem chwazi PHTK pou nou ané sa a. Si group G8 la pap ka parèt ak oken anyen ki pi avansé pasé sa PHTK prézanté dévan nou an tèlké agrokilti.int, sa itil pèp Ayisyen an, fò yo ka parèt ak yon bagay ki pi avansé ké sa PHTK fè pandan 5 anél la é sa Jovenel Moise pwal fè an 2016 la rivé jiska 2021 an.

Si paka gen yon lidè ki parèt ak yon bon jan prézantasyon an fas Jovenel yo té mèt al mété bouda yo nan yon kwen, prézantasyon map palé a sé pap palé bèl Fransè non, yo pran nou ladan yo déja; tèlké yon gro jaden ki doublé sa PHTK fè a, oswa yon gro faktory kap péyé moun yon minimum 1000 goudes chak jou, si sé pa sa li té mèt Laurent Lamothe sé al chita nan kwen.

Sé pap yon késyon de illuminati, sé pap yon késyon de pape Francis, mwen pa nan plimen ak moun nan PHTK, mwen pa nan zafè fanatik ak PHTK.

Mwen jis kriyé viv PHTK pou yon minimum 15 ans ém fèm sou désizyonm, nou paka chasé yon Gouvernman rich pou yon ti G8 ki pa menm gen 5 kòb.

Jwayé Norèl.

BonDyé bini nou.

Related Article:

Haiti Elections - Steven Benoit says: Evans Paul will Stay in Power after 07 Fevrier and Wait for the Next President But Martelly has to Leave

Haiti Elections Update - In an interview to radio Magic 9 Wednesday, Candidate for president and G8 member Steven Benoit said Evans Paul will have...

REPLY to this message

Return to Message List